Korespondan jounal Le Monde Afrique ak Liberasyon, Sophie Douce ak Agnès Faivre, resevwa yon somè ki mande yo kite Ouagadougou samdi 1e avril 2023 a. Responsab yo nan gouvènman Boukinafaso a pa prezante okenn rezon pou ekspilsyon dènye sila yo. Redaksyon 2 jounal yo ki anonse sa dimanch 2 avril la, denonse l epi kwè se yon mezi «inakseptab» e «abitrè».

Nan mwa janvye 2023, Gouvènman peyi Boukinafaso a te mande depa yon twoup fransè ki deplwaye sou teritwa li a. Depi 18 janvye pase a, gouvènman an te koupe kontra ki te siyen nan lane 2018 ki te otorize militè Fransè foule sòl peyi a. Se sa radyo ak televizyon Burkinabe rapòte 21 janvye 2023 a.

Nan yon dezyèm tan, Radyo Frans Entènasyonal (RFI) te jwenn entèdiksyon imedyat pou li pa kontinye fonksyone nan peyi Boukinafaso ankò, apati 3 desanm 2022 a. Se jent militè k ap dirije peyi a ki te pran desizyon an, paske radyo a te bay manti epi li te pase mesaj yon teyoris ki ka fè manm popilasyon an pè.

Pi lwen, nan mwa desanm 2022, Jent militè a te kontinye ak politik izolasyonis li a, kote li te pouse do kòdonatris Nasyonzini an, Barbara Manzi, ki pa t byen konpòte l nan peyi a selon gouvèman an. Jent lan te oblije bat chalbare dèyè madam Manzi 23 desanm 2022 a nan Boukinafaso.

Gouvènman an pa sèlman ekspilse moun ak enstitisyon nan peyi a, se komsa an janvye 2023, Premye Minis ki nan tèt tranzisyon Boukinafaso a, Apollinaire Kyelem de Tambela, te resevwa yon nouvo anbasadè peyi Larisi ki se Alexey Saltykov nan Wagadoudou, kapital peyi a. Yo te pale de ranfòsman relasyon ant peyi yo nan nivo koperasyon militè, komèsyal ak diplomatik. Se sa RFI pibliye te pibliye nan dat 14 janvye 2023 a.

Responsab yo pa sèlman touche politik eksteryè peyi a, konsa, anba lòd Kapitèn Ibrahim Traoré, Kolonèl-Majò Célestin Simporé nome kòm Chèf Estaf Jeneral Fòs Lame Boukinafaso, daprè yon dekrè ki pibliye 31 mas 2023 a. Li ranplase Kolonèl-Majò David Kabré, ki te nan pòs la depi 07 desanm 2022. Selon yon pòs Burkina24 te fè sou sa.

Si pou anpil sektè Jent Militè a nan Boukinafaso ap fè yo abi, pou de lòt, se yon aksyon an lò pou yo pwofite de moman tranzisyon an, e mete pye yo atè sou sòl Afriken an, an patikilye nan Wagadougou ki se kapital peyi a. Se ka peyi Larisi pa egzanp. Nan tout sa, responsab yo sanse gade enterè peyi a avan tout bagay, sa ki kontrè nan kad relasyon diplomatik Ayiti pataje ak lòt peyi.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841