Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) peyi Ayiti, anonse li kolekte nan tout biwo ki gen nan peyi a yon resèt nè ki evalye a 11 768 393 830.2 goud pou sèlman mwa mas 2023 a, yon resèt ki kapab egal a 3 fwa sa Ladwàn te konn antre nan tan pase yo.

Pèsepsyon dwanye sou pwodui enpòtasyon pou mwa mas 2023 a ogmante, anviwon 3 milya goud ajoute parapò a mwa fevriye, ki te evalye a 8 152 921 851.19 goud.

Pou Direktè jeneral aktyèl la ki se Julecène Edouard, se yon nouvo rekò pèfòmans pou Administrasyon l ap dirije a, ki siperyè parapò ak resèt Administrasyon Romell Bell la, ki te sèlman 3,7 milya goud nan mwa mas ane pase (2022).

Yon lòt kote, Deus Deroneth, nan yon video, mande Administrasyon Julecene nan, èske nouvo rekò sa a ta vle di zam, koli ilegal k ap antre sou teritwa a kontwole ?

Sitwayen yo ki enpasyan, fè konnen y ap tann prezantasyon nouvèl done yo pou mwa avril 2023 a, ki pratikman dwe pote plis resèt, puiske administrasyon ki la a fè konnen y ap travay danble pou pèmèt Ladwàn reprann eskanp figi l fas ak lòt enstitisyon yo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841