Biwo afè finansye ekonomik Ayiti (BAFE), revele tout moun ki enplike nan trafik zam ilegal legliz episkopal yo genyen koneksyon ak gang Izo 5 segond nan vilaj de Dye ak gang kraze baryè Vitelòm ap dirije nan Pènye. Se jounal «le nouveliste» ki kontakte kèk sous e ki pibliye yon ti losyè nan ankèt la nan yon atik Roberson Alphonse soti lendi 3 Avril 2023 a.

Selon sa rapò BAFE la revele toujou pè Frantz Coles ki se sekretè egzekitif legliz episkopal la polis te arete nan dat 17 dawou 2022, enplike jis nan kou nan koze trafik zam sila. Selon sous nouvelis yo, anketè BAFE yo jwenn pè Frantz Coles genyen plizyè kont bank Ayiti ak aletranje. Youn nan kanè li yo genyen en milyon ( 1 000 000) dola Ameriken sou li. Anplis yo jwenn pè a te genyen twa san mil ( 300 000) goud chak mwa ki t ap soti nan paleman Ayisyen an san konte lòt byen li genyen tankou kay ak tè.

Rapò BAFE la fè konnen legliz episkopal genyen plizyè lane kote yo ap itilize franchiz yo genyen pou fè zam ilegal rantre Ayiti. BAFE presize menm avoka ki ap plede koz Frantz Coles la se li menm tou ki se avoka Vitelhomme Inocent ki se chèf gang kraze baryè.

Selon 3zyèm rapò ankèt biwo afè finansye ekonomik la, se lis moun sa yo ak divès lòt ki enplike nan kad dosye zam saa: Gina Jean Louis Rolls, Sikhumbuzo Vundla, Alland Dolcé, Alerte Isaac, Frantz Cole, Samson François, Lovenie Louis Jean, Francklin Batista, Fernand Jean Pierre, Remy Lindor, Rubens Vilmont, Jean Mardoché Vil, Jean Marie Jean Gilles, Mamion Saint Germain, Fritz Désiré, Dianika, Kleberson Jules

Se nan dat 14 jiyè 2022 plizyè antite nan lapolis la tankou: DCPJ, BLTS… te fouye plizyè kontenè ladwann kote yo te jwenn zam divès kalib ki te pou legliz episkopal Ayiti. Zam sa yo se: 18 fizi daso (Ak-47, Galil, M 4), 1 fizi kalib 12, 4 pistolè lalib 9 milimèt plis 20 000 katouch diferan kalib ak 120 chajè.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....