Lapolis fè konnen nan yon operasyon Brigad k ap lite kont Trafik Estipefyan (BLTS) ak gad kot mennen yon operasyon tèt ansanm lakay Jhony Leonce, nan lokalite Chanpantye komin Okay nan Sid Ayiti, samdi 1ye Avril 2023 a, kote yo sezi 22.835 kilogram pay sèch ki sanble ak marigwana, pano solèy, batri ak regilatè.

Fòs lòd yo presize nan moman operasyon an, yo mete anba kòd Cawerine Mathurin ki ta Madanm sispèk lapolis te genyen alèt sou li pou koze marigwana a ki pat nan kay la nan moman polisye yo te rive a.

Cawerine fèt 10 jen 1998, li genyen 25 lane.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841