Maria Isabel ki se nouvo responsab BINUH_UN, ki se tou reprezantan sekretè jeneral ONU_fr an Ayiti, pran fonksyon jounen lendi 03 avril 2023 a. N ap note, Maria ranplase nan pòs sa a madam Helen La Lime.

Maria ki se yon ekwatoryèn nan yon twit li fè lendi 3 Avril sa sou kont ofisyèl Nasyonzini profite remèsye sekretè jeneral Nasyonzini an, ki chwazil pou vin dirije «bureau intégré Nations unies en Haiti» (BINUH).

Maria deklare li t ap koute kri pèp Ayisyen an. L ap kontinye soutni efò li yo pou ede soti nan kriz la. Li fè konnen l ap travay pou ede ranfòse konsansis la pou peyi a ka repran wout demokrati.

Maria Isabel genyen 25 lane eksperans . 2013-2015: li te prezidan konsèy administrasyon galapagos. 2010-2013 li te reprezan pèmanan peyi li Egwayè nan OEA. 2010-2013 li te manb paleman «Andin». 2007-2008, minis zafè etraje, komès ak entegrasyon. 2005-2007, minis touris Ekwatè.

Madam Isabel Maria ranplase nan pòs sila Madam Hélène Lalime ki te fè objè anpil kritik.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....