Ofis Nasyonal Asirans- Vyeyès ( ONA), anonse yè Madi 04 Avril 2023 a, fè yon pase men nan tarif pansyonè yo. Desizyon sila ap efektif apati de mwa saa.

yon asire Pansyon To Plen ap jwenn 5 000 goud. A pati Mwa Avril sa selon yon Avi direksyon jeneral biwo a pibliye.

Ofis Nasyonal Asirans- Vyeyès (ONA) se yon sistèm asirans retrèt pou ede travayè ak travayèz nan sektè prive a ki kwafe pa Leta Ayisyen. Fas ak fenomèn Lavi chè a, direksyon jeneral biwo ONA fikse 5000 goud to minimal asire To Plen yo.

Selon direktè jeneral la Maguerite Berthe Marescot, pou ede asire vilnerab yo fè fas ak lavi chè a To retni sou rant yo ajiste: 15% pou rant enferyè a 25.000 goud; 10% pou 25.000 a mwen 75.000 goud epi 5% pou tout rant 75.000 goud a plis.

Selon atant anplwaye yo, èske desieyon sila ap rive satisfè atant pansyonè yo?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841