Depatman Sant, Lwès ak Sid revele Ayiti gen anpil richès anba tè li a
Ajil, kabonat kalsyòm, kwiv, mab, siman, petwòl, se kèk nan gwo potansyèl « min ak enèji » done yo demontre Ayiti genyen, men pa gen okenn garanti nan envestisman ki ta ka fasilite eksplwatasyon min yo. Lwa taks yo pa egziste, lwa sou eksplwatasyon min yo pase mòd… Se sa Enjenyè Jewològ Claude Prepetit deklare lendi 27 novanm 2023 a sou radyo « Magic 9 », pandan li mete aksan sou nesesite pou leta kontinye fè etid sou resous mineral Ayiti yo.
Direktè Biwo Min ak Enèji a kontinye pou fè yon pledwaye nan mo sa yo: “Nou bezwen mete anpil mekanis an plas pou nou atire envestisè ann Ayiti. Nou bezwen enfrastrikti solid pou envestisè yo santi yo alèz. »
Enjenyè Claude fè konnen etid ki te fèt sou potansyèl min Ayiti yo remonte nan lane 1980, rechèch la te revele potansyèl ki genyen yo, men li pa t kontinye pou kantite kòb li t ap koute a. Li kwè rechèch sa a dwe kontinye, puiske rezèv ki te idantifye yo pa konplè.
Li di yo kòmanse fouye nan yon sèten pwofondè, men petèt genyen pi gwo rezèv toujou apre sa yo dekouvri deja yo. Li rekòmande pou leta pwolonje zòn ekstansyon yo pou ogmante rezèv yo.
Claude deklare Ayiti gen twa zòn ki gen idwokabi : Li pale de kèk foraj ki te fèt nan komin Mayisad ki nan Wo Plato santral (Ench), nan plenn Kil De Sak ak nan penensil Sid la depi 1940, ki montre soti depi anba pou rive jiska sifas tè a genyen petwòl.
Enjenyè a kwè tout kondisyon yo reyini pou gen petwòl. Pèsaj la ka pa byen fon ase. Nan kèk ka, nou ka jwenn petwòl jiska twa mil (3000) mèt pwofondè. Daprè divès etid biwo min yo ak enèji fè, rezilta onz (11) foraj yo fè, kanpay jewofizik yo ban nou rezon pou nou kwè gen zòn ki trè enteresan. Men, plis rechèch nesesè pou jwenn rezèv petwòl yo.
Daprè enjenyè jewològ Claude Prepetit, min yo ta dwe fè pati yon ansanm deba nasyonal ann Ayiti ak yon definisyon klè nan politik min. Patenarya a dwe devlope pou pèmèt konpayi yo fè etid eksplwatasyon. Sektè min nan se youn nan poto mitan yo nan kad devlopman Ayiti. Poutan, 1.2% nan bidjè nasyonal 2023-2024 la te alwe ak agrikilti pandan 0.06% te atribye pou min, sa moutre Resous natirèl yo pa yon priyorite pou Leta Ayisyen.
Enjenyè a konkli konsa pou di ansanm min ki dekouvri yo pa pral eksplwate tèt yo. Se responsab yo ki pou bay yo valè. Pou fè sa, peyi a dwe gen yon politik, yon vizyon ak lwa ki defini nan ki kondisyon nou dwe eksplwate yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE