Jacky DUVIL chita pale ak Nesmy MANIGAT, minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la vandredi 12 janvye 2024 la, swa 2 jou aprè konferans pou laprès li te bay sou 7 pwojè ki lye ak priyorite gouvènman Ariel Henry a pou lane 2024 la.

Jacky DUVIL ki se pwofesè nan inivèsite leta a ak Inivèsite Piblik Sant lan (UPC), te rankontre jounen vandredi sa a nan Otèl Oasis; aktyèl minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy MANIGAT.

Pandan chita pale sa a, 2 pèsonalite yo te diskite sou 7 chantye priyoritè gouvènman an pou lane 2024 la, men tou yo te pale sou edikasyon jèn yo nan Depatman Dant nan domèn agrikitli ak antreprenerya agrikòl ki gen pou wè ak devlopman dirab yo tankou:

  • Objektif 02 ( Zewo grangou)
    -04 ( Bonjan Edikasyon)
  • 17 ( Patenarya).

Natif vil Ench lan rete kwè antreprenerya ak fòmasyon jèn yo nan Plato Santral rete yon atou majè ki papab pèmèt yo emèje e fè yo vin otonòm.

Rankont sa ant 2 pèsonalite yo te fèt aprè minis Nesmy MANIGAT te fin bay yon konferans pou laprès mèkredi 10 janvye pase a sou 7 pwojè priyoritè gouvènman an pou ane 2024 la.

Minis Manigat bay Pwofesè DUVIL garanti pa twò lontan l ap genyen pou vin inogire yon lise teknik nan Plato Santral, kote l ap tou pwofite rann pwofesè a yon vizit nan Pandyasou.

Dumanesdolce99@gmail.com

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841