Inyon Fòs Progresis Ayisyen UFPHA ki se yon pati politik adrese yon lèt 20 mas 2024 la ak sekretè Leta Ameriken an, Monche Anthony Blinkin pou prezante li sitiyasyon grav Ayiti ap fè fas la, pran pozisyon kont opsyon konsèy prezidansyèl la etou fè yon propozisyon soti kriz yo estime ki ka pi bon pou peyi a.

Nan lèt saa ki pote siyati Moléon Richard ki se responsab zafè politik UFPHA, Centre à la UNE gen yon kopi, yo prezante sekretè Blikin yon tablo sonb de sitiyasyon peyi Ayiti ak kriz ensekirite plis sosyo-politik e ekonomik peyi a konnen depi yon bon bout tan swa 3 lane aprè asasina prezidan Jovenel Moïse la.

Pilwen yo montre plizyè propozisyon kominote Entènasyonal la fè san patisipasyon aktè Ayisyen yo fè echèk. Peyi a ka tonbe nan yon gè sivil ki pral grav anpil pou imaj Amerik la akoz efondreman 3 pouvwa Leta a.

Yo avanse pou di yo pa kwè konsèy prezidansyèl CARICOM ap sipòte p ap resi bay solisyon ak kriz miltidimansyonèl l ap fè fas la.

Nan yon sondaj yo reyalize yo jwenn anviwon 64% moun di yo estime chwazi yon prezidan nan Lakou kasyon epi chwazi yo premye minis konsansis ap bay plis rezilta etou l ap pi prè konstitisyon peyi a. UFPHA di li menm li enskri li nan demach kou kasasyon an kote nou ta dwe aplike atik 149 konstitisyon 29 mas 1989 la.

N ap siyale jiskaprezan konsèy prezidansyè la toujou nan enpas pandan kriz la ap agrave pi plis aprè anviwon 3 semèn de anons demisyon premye minis Ariel Henry a.

Washington Florvil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841