Nan yon lèt yo adrese ak rès manb konsèy prezidansyè la lendi 25 mas 2024 la, Montana, Fanfan Lavalas ki fòme yon blòk mande pou repòte eleksyon yo ki te dwe dewoule ayè lendi a pouchwazi kilès pami 7 moun yo ki pral vin prezidan konsèy prezidansyè la .

«Nou estime manke transparans nan prosesis eleksyon pou chwazi prezidan konsè la. Nou mande pou ta genyen yon akò ki jwenn antre tout group yo ki siyen etou ki ap defini objectif ak misyon konsèy la nan fason yo pral mennen bak peyi a. Pousa nou mande pou repouse dat eleksyon yo pou 72è.» Se sa de (2) group politik yo fè konnen nan nòt yo a.

Paralèlman demisyon oubyen chanjman yo pa sispann nan konsèy la. Se ka René Jean Jumeau Regwoupman Rasanbleman pou yon Atant Nasyonal (REN) te chwazi pou reprezante yo nan konsèy prezidansyèl la kòm obsèvatè retire kòl nan yon lèt li adrese 25 mas 2024 la.

Lendi 25 mas 2024 !

Selon divès, Monta te defini strateji pou li te ka ranpòte eleksyon an nan konsèy la ak sipò Lavas, sektè prive akoz group anfas yo te pare pou voye 2 kandida. Poutan se te byen konte mal kalkil pou Montana paske se te yon estrateji group anfas la pou te bouye pis la pou pran montana nan yon kou pa konprann, kote pandan eleksyon ta pral dewoule 1 nan kandida yo ta pral deziste pou sipòte yon sèl kandida ki pa t ap Monta. Group Monta ki vin gen enfòmasyon an rale bak tankou koulèv pou evite pèdi tèt konsèy prezidansyèl la.

Alòske manm yo ki nan Konsèy Prezidansyèl la elabore yon dokiman ki statye sou vòt yo pami yo, sou enstalasyon yo, pasasyon pouvwa a ak pwosedi pou chwazi yon Premye Minis. Yo gen yon rankont ak CARICOM lendi a, pou gade pwen nou sot site yo.

Edgard Le Blanc, Fritz Jean ak Louis Gerald Gilles se 3 potansyèl kandida ki chwazi pou vin prezidan Konsèy la. N ap note, CARICOM gen pou li analize dosye tout manm yo, pou konnen si antesedan yo p ap anpeche yo kalifye.

N ap siyale jiska 10 zè nan aswè selon plizyè akò konjonktirèl ki te fèt ansyen Senatè Edgard Leblanc te byen plase pou te ranpòte eleksyon yo.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841