Pandan 70èm anivèsè vil Beladè, trezò piblik dekese 18 500 000 goud bay DINEPA pou alimente vil la ak dlo potab, yon lajan ki gagote, pandan popilasyon an ap soufri

Pandan dènye mwa sa yo plizyè abitan nan vil Beladè pat neglije atire atansyon jounalis yo nan Centre à la UNE sou difikilte yo genyen pou jwenn dlo potab kòm sa dwa pou yo fonksyone. Anpil nan yo te lonje dwèt yo byen long sou 18 500 000 (dizuit milyon senk san mil goud) ki gagote lè 70èm anivèsè vil Beladè pou DINEPA te alimante vil la ak dlo potab.

«Direktè Guito Édouard te ba nou anpil espwa kote li fè nou kwè suit ak projè sa a n ap ka jwenn dlo 24 sou 24 ap koule nan wobinè nou. Prezidan Jovenel Moïse te ba nou garanti li ap debloke lajan pou projè a reyalize paske li te di nou li deja enstrui premye minis Jean Henry Ceant pou li fè suivi yo paske li vle kontinye vizyon fondatè vil la, prezidan Dumarsais Estimé.» Sa a se temwayaj yon ansyen otorite nan vil la ki pa t vle jounal la site non li.

Se nan dat 30 mas 2018 yon pwotokòl dakò te siyen ant DINEPA ki te reprezante pa direktè jeneral li Guito Edouard ak Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn (MPCE) kote yo te antann yo sou 18 500 000 goud pou te ogmante aksè ak dlo potab vil Beladè plis zòn ki anviwonnen li yo.

Ti Jean ki se yon sitwayen nan vil la ki te pale ak Centre à la UNE ki te gen yon lide de tout pwopagann ki t ap fèt pou pwojè a, fè konnen chodyè a monte sou non Beladè poutan li pa jwenn manje a. Li rapòte pou li di «pou m onèt ak nou nan tout sa yo te di y ap fè nan projè a se sèlman biwo CTE a ki vizib ou ka wè ki te genyen yon ti travay ki fèt pou chanje figi l, men aprè sa majorite sa yo te di y ap fè yo pa fèt nèg yo nan piwo nivo nan DINEPA manje lajan yo epi jodi a popilasyon Beladè a kontinye ap mouri swaf dlo

Nan kad projè sila a DINEPA te genyen pou alimante vil la ak dlo potab epi repare biwo CTE a, yo te genyen tou pou repare epi fè bay sèvis kyòs yo. Klotire 60 ml kaptaj. Prolonjman tiyo yo. Reparasyon 15 bwat vàn ak poze 15 bwa trap aksè dimansyon 60×60 Cm. Reyabilitasyon liy tiyo zòn mache anplis fè yon nouvo liy PEHD ki genyen 3″ ak yon longè 1200 ml. Reyabilitasyon liy-2″ PEHD PN10 pou alimante katye Wòy Loprèt ak Fleri sou 2300 ml. Alimantasyon zòn Wo Metil apati rezèvwa kachiman an pasan pa bwakayiman. Reparasyon 1 kilomèt PVC 3″ nan PEHD.

Reparasyon kyòs ak repare fruit. Netwayaj kaptaj ak prolongasyon tiyo PVC CH40 rive jis nan basen sedimantasyon ki t ap genyen longè 300 ml. Se kèk pami divès travay DINEPA te dwe fè pou te pèmèt popilasyon an jwenn dlo potab malerezman selon anpil manb nan popilasyon an travay sa yo pa rive reyalize ki lakoz y ap soufri pou jwenn dlo potab pou yo fonksyone.

«Gade pou wè, DG DINEPA a se youn nan gwo mafwa wi peyi a konnen. Lè w ap tande l ap pale nan media l ap fè w panse DINEPA ap byen mache poutan se yon enstisyon ki tèlman genyen koripsyon k ap brase ladan se krèv kè.» Ou wè si ULCC ak lakou dèkont ap travay tout bon yo t ap gentan bare gwo chabrak nan DINEPA wi pou 18 milyon goud taks pèp la yo detounen sou non Beladè a.» Sa se pawòl Miryame yon anseyan nan vil la.

Se pa jodi a denonsiyasyon ap fèt sou milyon ki ap detounen nan DINEPA kote lòbi toujou ap fèt sou divès pwojè y ap reyalize nan peyi a pou bay dlo, poutan dlo pa janm rive nan wobinè popilasyon an. Genyen moun ki konn denonse pou di anpil fim ki ap egzekite pwojè DINEPA yo se swa pou wo grade DINEPA oubyen genyen dil ki fèt ak Direktè jeneral la pou gagote lajan. Toujou nan Plato Santral Ench ap viktim de menm pratik sa yo kote lajan dekese, vil la kraze sou pretèks y ap bay vil la dlo poutan pa genyen rezilta.

Jean Launy Avril, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841