Pandan vizit li an Ayiti, samdi 21 septanm lan, prezidan peyi Kenya a, William Ruto, anonse 2 lòt kontenjan polisye kenyan pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la an Ayiti.

600 nouvo polisye pou vin ede polis nasyonal Ayiti nan efò l ap fè pou l kwape gang nan peyi a.

Polisye sa yo ap vini an 2 tan. 300 ap debake an oktòb, tandiske lòt 300 an ap rive nan mwa novanm lan, selon sa prezidan kenyan an fè konnen.

William Ruto ki te ateri sou pis ayewopò Toussain Louverture a, samdi a, eksprime kontantman l pou pwogrè li di fòs miltinasyonal la fè pou sekrize peyi a.

Dirijan Kenyan fè remake gen plis sekirite kounya nan zòn Ayewopò a ak zòn pale nasyonal la pa egzanp, toutpandan l pwofite felisite konpatriyòt li yo pou travay yo ap fè an Ayiti.

Pi lwen, William Ruto fè konnen fòs miltinasyonal la bezwen resous nesesè ak ekipman kòrèk pou kontinye sekirize peyi a.

Prezidan Ruto di tou li rete trè ouvè pou tout evantyèl transfòmasyon MSSMHaiti, an yon fòs Misyon lapè nasyon Zini.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841