Gouvènman ayisyen an lanse ayè lendi 22 Sept nan, yon pwogram asistans sosyal ak 9,3 milya goud. Li gen 22 inisyativ tankou: distribisyon manje, transfè 20,000 goud pou 261,000 fanmi, sipò pou ti antreprenè. Se 6 ministè plis FMI ki ap kwòdone program nan, epi FAES ap egzekite li.

Nan yon konferans pou laprès, ministè afè sosyal anonse y ap remete sou pye yon pwogram ijans pou ede fanmi ki pi vilnerab yo an Ayiti. Nan kad pwogram sa, ministè edikasyon nasyonal resevwa yon chèk 5 milya goud pou ede paran yo prepare antre lekòl la

Ministè edikasyon nasyonal ap kolabore ak FAES pou bay 20 mil goud ak plis pase 260 mil paran pou ede yo nan efò y ap fè pou voye piti yo lekòl ane sa.

Nan kad pwogram sa, gouvènman an konte distribiye 2 milyon plat manje nan tout peyi a ak moun ki pi vilnerab yo. Fanm ki nan prizon yo tou ap jwenn plat manje, selon sa leta anonse.

Pwogram sa ki jwenn sipò « Fond Monetaire International (FMI) » prevwa ede moun k ap kouri kite kay yo akoz vyolans ki gen nan zòn kote yo rete a, moun ki nan sektè agrikilti, moun k ap fè biznis, moun ki ap viv nan katye cho elatriye.

Anpil benefisyè ap resevwa lajan sou kont Mon Cash yo ou kont NatCash yo

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841