Aprè polisye peyi Kenya yo te rantre nan peyi Ayiti nan dat madi 5 jen 2024 la, nan objektif pou vin ede polisye ayisyen kwape gang ame epi retabli lapè nan peyi a nan dat kite 30 Septanm 2024, Konsèy Nasyonzini an te reyini pou vote prolonjanman Fòs Milti Nasyonal la pou yon lane anplis, epi gade kouman pou chanje fòs la nan yon Misyon pou lapè

Lendi 30 septanm sal redaksyon jounal la te apran tout 15 manm yo te rive bay vòt favorab pou pwolonjman fòs milti nasyonal la pou yon lane anplis, yon lòt bò lide pou te fè fòs la vini yon misyon pou lapè a te abandone paske peyi Lachin ak Larisi pat apresye lide sila.

Popilasyon ayisyen nan bò kote pa l pa sispan lage de bra pandye, yo pa kon ki sen pou yo rele pou ta rive jwen yon ti lapè pou sa ale nan aktivite yo epi voye timoun lekòl san kè sote, lè nou konnen depi aprè vini polisye Kenya yo ka ensekirite yo pasispan repete nan Lwès bandi ak zam rive pran Gantye, Gresye pou n site
sa yo san konte konbyen moun ki pèdi lavi ni sa ki disparèt. Selon dènye rapò CNSA pibliye, fè konnen sou chak 2 Ayisyen genyen youn ki nan ensekirite alimantè. Sa ki vle di 50% popilasyon Ayisyèn nan difikilte pou manje. Mete sou sa, se plis pase 600 000 moun ki kouri kite kay yo fas ak atrosite gang yo.

Anpil moun ki ap viv nan rejyon metropolitèn Pòtoprens, ki evite wout nasyonal yo bandi okipe, oblije pase nan move wout ki gen gwo falèz tankou: Kenskòf, Kajak ak Segen pou ale nan lòt Depatman peyi a. Anpil nan moun sa yo viktim aksidan selon sa kèk landan yo rapòte jounal la madi 1ye Oktòb 2024 la.

Èske pwolonje kontra polisye Kenya ap pèmèt moun nan Lwès, Latibonit, Sant jwen sekirite ?

Joseph Samuel GUILLAUME
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841