Nan yon reyinyon ki fèt lendi 30 Septanm 2024 la, otorite nan Nazyonzini adopte rezolisyon 2751 pou otorize fòs miltinasyonal la deplwaye kòmsadwa nan peyi a.

Fòs miltinasyonal la ki gen nan tèt li peyi Kenya, gen pou misyon ede Polis Nasyonal Ayiti a goumen kont gang yo ki okipe anviwon 80% Nan Pòtoprens, selon dènye rapò Loni pibliye.

Fòs miltinasyonal la ki kòmanse deplwaye nan mwa jen an Ayiti di yo fè anpil pwogrè nan pote sekirite nan kèk katye nan kapital la.

Prezidan Kenya a William Ruto ki te debake an Ayiti samdi 21 septanm 2024 la, bat bravo lakontantman pou pwogrè li konstate nan kesyon sekirite.

Ruto site zòn ayewopò a, ki te konn sibi atak nèg ak zam, ki pou kounya sekirize.

Pou kontinye ede lapolis nan kwape gang yo, prezidan Ruto pwomèt 600 lòt polisye mete sou 400 ki la deja.

Nap souliye peyi Gine manifeste enterè l pou entegre misyon miltinasyonal la. Premye minis Gine a, Amadou Oury Bah, anonse li dispoze 650 polisye ak jandam pou pote kole nan batay kont gang yo an Ayiti

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841