Depi lè yo te anonse entèvansyon yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti retabli sekirite ak lòd, popilasyon an toujou ap tann pandan sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou. Malgre pwomès entènasyonal yo, gang yo kontinye simen laterè, epi pèp la ap viv nan yon laperèz ak yon enkyetid ki san fen.

Misyon an, ki ta dwe yon repons dirèk pou ensekirite ak kriz politik la, rete toujou inefikas san okenn plan aksyon klè. Ayisyen yo, viktim prensipal kriz sa a, bloke ant yon klas dirijan ki fèb, pafwa menm konplis, ak yon kominote entènasyonal ki pa ka pase soti nan pawòl pou rive nan aksyon konkrè.

Li lè pou misyon sa a sispann sèvi kòm yon senbòl san sans epi pwouve li ka retabli lòd ak sekirite. Men, pou sa fèt, fòk li mete anplas yon dyalòg onèt ak aktè lokal yo ak reprezantan sosyete sivil la ki ka defann enterè pèp la.

Ayisyen yo merite plis pase yon entèvansyon okazyonèl oswa senbolik. Yo mande yon angajman solid ak dirab pou mete fen nan kalvè yo. Momante a rive pou soti nan pawòl epi aji. Si misyon sa a echwe, sa ap yon trayizon nan konfyans pèp la epi yon mesaj klè pou ankouraje gang yo kontinye domine.

Jean Launy Avril, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841