Depi plizyè dizèn ane, dyaspora ayisyèn nan reprezante yon vrè “poto mitan” pou ekonomi peyi a. Chak ane, plizyè milyon dola rantre nan peyi a gras ak transfè lajan Ayisyen k’ap viv aletranje yo. Lajan sa yo soutni fanmi yo, finanse pwojè kominotè, epi ankouraje devlopman nan edikasyon, lasante ak komès. Daprè estimasyon yo, transfè sa yo reprezante prèske 30% PIB Ayiti.
Malgre wòl esansyèl sa a, dyaspora a toujou mete sou kote nan pran gwo desizyon pou chèche solisyon nan kriz politik ak sosyal peyi a ap travèse. Kontribisyon ekonomik yo byen klè, men yo pa gen okenn plas nan chita pale ak negosyasyon ki ka fè peyi a soti nan sa yo rele yon kriz san fen.
Yon sitiyasyon paradoksal
Nan yon bò, yo rekonèt dyaspora a kòm yon poto ekonomik, men nan lòt bò, yo fèmen pòt politik yo sou li. Konpòtman sa a montre yon gwo feblès nan fason peyi a jere bagay yo, kote enterè pèsonèl ak politik toujou pase an premye, pandan tout fòs ki ka ede yo inyore.
Poukisa yo mete dyaspora a sou kote ?
Gen plizyè rezon ki ka esplike sitiyasyon sa a :
- Mefyans politik : Gen moun nan elit yo ki kwè ke si dyaspora a entegre, yo ka pèdi kontwòl pouvwa a.
- Absans mekanis klè : Pa gen yon estrikti ki pèmèt dyaspora a patisipe dirèkteman nan desizyon yo.
- Prejije sosyal : Gen lide ki fè kwè ke Ayisyen ki viv aletranje yo pa konekte ak reyalite peyi a, malgre yo toujou soutni fanmi yo epi rete angaje nan devlopman peyi a.
Kisa ki ka fèt ?
Li enpòtan pou kreye espas kote dyaspora a ka patisipe epi pote kontribisyon li :
Bay dwa pou yo vote nan eleksyon nasyonal yo.
Kreye yon reprezantan ofisyèl dyaspora a nan enstitisyon piblik yo.
Valorize konesans ak eksperyans moun ki nan dyaspora a nan domèn kle yo pou devlopman peyi a.
Si Ayiti vle soti nan kriz sa a yon fason dirab, li pa ka inyore yon pati esansyèl nan popilasyon li a. Dyaspora a se pa sèlman yon sous lajan, men tou yon sous lide, inovasyon ak angajman. Se moman pou dirijan yo tande vwa dyaspora a epi ba li plas li merite nan rekonstriksyon nasyon an.
Jean Launy Avril,Centre à la Une