Odyans ki te fèt mèkredi 27 novanm 2024 sou asasinay jounalis Néhémie Joseph la souliye yon fwa ankò jan sistèm jistis Ayiti ap kwaze ak defi difisil. Nan yon sal kote tansyon te tèlman wo, plizyè kesyon leve sou kapasite kou dapèl Ench lan pou bay yon pwosè ki jis e san paspouki.

Asasinay yon jounalis se pa yon krim nòmal. Se yon zak ki menase libète lapawòl ak dwa pèp la pou yo enfòme. Lè yon jounalis pèdi lavi li poutèt li chèche laverite, se yon demokrasi ki blese nan fon li. Dosye Néhémie Joseph la pa sèlman konsène fanmi li. Se yon dosye ki ta dwe fè tout sitwayen ayisyen leve kanpe pou mande limyè sou sikonstans lanmò li.

Malerezman, sa nou wè nan odyans lan se yon seri manèv ki sanble ap chèche dilye verite a. Decizyon prezidant kou a pou pa tande kèk akize enpòtan tankou Elionel Cacéus ak Douyou Rosevad soulve anpil dout. Poukisa yo pa tande moun sa yo, sitou lè nou konnen yo gen wòl kle nan dosye a selon òdans jij enstriktè a? Se kesyon tout moun ap poze.

Nan lòt bò a, ministè piblik la, malgre efò li, te bloke plizyè fwa nan tantativ li pou poze kesyon ki ta ka ede avanse nan dosye a. Yon sistèm jistis ki limite kapasite yon enstitisyon tankou ministè piblik la montre yon feblès grav nan separasyon pouvwa yo.

Nou ka konprann enkyetid avoka defans yo, ki ap defann dwa kliyan yo. Men, li nesesè tou pou respekte prensip transparans ak ekite. Yon pwosè ki fèt nan kondisyon kote yon pati santi yo pa ka eksprime tout agiman yo, riske pèdi kredibilite li.

Se pa premye fwa yon dosye enpòtan konsa anfas obstak nan sistèm jistis peyi a. Nou sonje byen plizyè lòt ka ki te fini nan enkoni oswa nan enpinite total. Èske dosye Néhémie Joseph ap sibi menm sò a? Nou swete ke non. Men, si sitiyasyon sa a pa chanje, li klè ke pèp ayisyen ap kontinye pèdi konfyans nan sistèm ki la pou pwoteje dwa yo.

Nou mande jistis, men yon jistis ki baze sou verite, pa sou fòs kache ki ap jwe jwèt nan lonbray yo. Kou dapèl Ench gen yon gwo responsablite pou montre pèp la ke yo vle fè ekzanp. Nou rete tann desizyon final la. Antretan, nou envite tout sektè sosyete a rete vijilan, paske batay pou laverite se batay tout moun.

« Verite ka pran tan, men li toujou rive. »

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire