Plizyè semèn aprè bandi Viv Ansanm yo fin anvayi komin Mibalè ak Sodo, Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a PNH, anonse dimanch 13 avril 2025 la plizyè inite ak seksyon dwo-n PNH la rankontre pou reponn atak bandi yo.

Responsab yo kòmanse pou di e n ap site: « Nan objèktif pou bay yon repons pwopòsyonèl ak zak malonèt bandi yo nan awondisman Mibalè a, anba enstriksyon kòmandan an chèf PNH la, M. Rameau Normil, plizyè inite espesyalize Polis Nasyonal la, tankou: BRI, UTAG, BOID, SWAT, UDMO mete ak inite dwón Polis la, deplwaye nan sousi pou retabli lòd ak lapè nan rejyon sila. »

Depi sou 2èm jounen atak gang yo fè sou de (2) komin yo, vi ak byen kominote yo pa sispann pèdi. Malgre gran deplwaman sila PNH la di li fè a, sa pa ko anpeche gang yo kontinye egzekite plan yo.

Nan lari Mibalè, selon divès sous, chen kontinye ap manje kadav popilasyon sivil la. Vil la santi ak kadav gate. Ri yo toujou rete barigade anba kontwòl bandi yo ki itilize rantre vil la nan zòn d
Dèyè Kwa sou wout nasyonal #3 a, pou fè antrepo pou depoze byen moun yo dechèpiye nan Mibalè.

Divès sous di Centre à la UNE se chak jou bandi yo rantre ak gwo kamyon epi chaje pou rantre Kwadèboukè ak yo. Sous raboysib pou di genyen moun ki kite zòn Plèn Kil de Sak espesyalman pou vin nan piyaj Mibalè a.

Yo kontinye pou di « Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la, atravè inite pwodiksyon odyovizyèl li, pwofite prezante gran piblik la yon repòtaj nan kad dosye sila. »

N ap raple, se depi dimanch 30 mas 2025 pase a bandi yo te anvayi komin Mibalè ak Sodo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841