Nan plizyè rejyon riral Ayiti, tè yo toujou prezan, men dlo a absan. Grangou ap menase kominote ki viv de agrikilti, pandan chanjman klimatik agrave sechrès. Se nan kontèks sa a, anpil obsèvatè nasyonal ak entènasyonal lanse yon apèl bay enjenyè ayisyen yo : fòk nou devlope yon sistèm ponp solè adaptab pou zòn izole yo, pou fasilite irigasyon ak relans agrikilti lokal la.

Poukisa ponp solè ?

Dlo sou latè pa manke, men li pa toujou aksesib. Se ponp ki ka ede monte l.

Elektrisite pa rive nan zòn riral, kidonk ponp ki mache ak kouran pa itil. Sistèm solè pa bezwen gaz ni fil elektrik, li mache ak limyè solèy.

Anpil peyi nan Afrik ak Amerik Latin deja adopte modèl sa a. Ayiti ka pran menm chimen an, sitou ak plizyè dizèn jèn enjenyè ki soti nan inivèsite teknik peyi a, tankou INUKA, UNASMOH, UNIQ, elatriye.

Kisa ki bloke inovasyon lokal la ?

Malgre potansyèl la, enjenyè ayisyen yo ap fè fas ak plizyè baryè :

  • Mank fon pou rechèch ak fabrikasyon pwototip.
  • Pa gen laboratwa ki ekipe pou devlopman sistèm enèji renouvlab.
  • Politisyen pa mete inovasyon agrikòl nan ajanda devlopman yo.
  • Pwodiksyon endistriyèl lokal pa ankouraje.

Daprè analis Komite Ayisyen pou Enèji Renouvlab, 60% solisyon enèji ki ta itil peyizan ayisyen yo ka fèt lokalman, si gen sipò finansman ak kad legal.

Inisyativ ki deja ap fèt

Malgre difikilte yo, gen kèk pwojè limyè ki merite mete an avan :

  • Gen gwoup jèn enjenyè nan Limonad kap travay sou yon ponp solè ki fèt ak materyèl resikle.
  • Nan zon Bas-Artibonit, ONG lokal « Racine Verte » mete kanpe 3 sistèm irigasyon solè ki sèvi plis pase 40 ti pwodiktè.
  • Inivèsite nan Kafou ak Okap ap devlope kolaborasyon ak inivèsite ameriken pou transfè teknoloji ak sipò teknik. Enpak posib sou sekirite alimantè

Si sistèm ponp solè yo ta vin disponib, peyizan yo t ap ka plante tout ane, pa sèlman nan sezon lapli. Pwodiksyon agrikòl ta ogmante, epi grangou t ap bese, epi ekonomi lokal ta vin pi stab, paske jèn yo t ap gen plis opòtinite rete lakay yo.

Selon FAO (Òganizasyon Nasyonzini pou Manje), si Ayiti itilize 10% tè irigab li yo avèk ponp solè, li ta ka nouri plis pase 8 milyon moun san depann sou enpòtasyon.

Rekòmandasyon prensipal

  1. Leta dwe mete sou pye yon fon rechèch agriteknolojik, kote jèn enjenyè ak teknisyen ka jwenn sipò.
  2. Li dwe kreye sant teknik riral pou mete teknoloji ponp solè a disponi epi ankouraje kolaborasyon ant inivèsite, sektè prive ak ONG pou monte solisyon lokal.

Gen lòt obsèvatè ki Leta ta dwe nvesti nan fòmasyon pwofesyonèl jèn nan mekanik solè ak agrikilti entelijan.

An konklizyon, solèy la pa sèlman pou limen, li kapab nouri tou. Avni agrikilti Ayiti pa ka konte sèlman sou lapli ni sou èd entènasyonal. Se nan tèt nou, nan solèy nou, ak nan konesans nou solisyon yo ye.

Enjenyè ayisyen yo dwe pa sèlman konsevwa, men tou bati, teste, epi pataje solisyon teknik ki adapte ak reyalite peyi a. Se konsa Ayiti ap soti nan fènwa grangou pou l antre nan limyè souverènte alimantè.

By Henry ALPHONSE

Jounalis ak Kominikatè Sosyal | Konsiltan nan Kominikasyon pou Devlopman Li se yon jounalis angaje ki gen eksperyans nan laprès ayisyèn, kote li te deja prezante nan jounal Le Nouvelliste, pi ansyen jounal chak jou nan peyi a. Kòm yon kominikatè sosyal, li mete talan li o sèvis devlopman kominotè atravè konsiltasyon ak animasyon pwojè. Li se kowòdonatè Consommateurs Solidaires, yon platfòm ki mete an rezo konsomatè ak pwodiktè ayisyen oubyen ayisyen desandan, pou fasilite echanj, kolaborasyon ak koperasyon. Platfòm sa a angaje l nan ankourajman pwodiksyon nasyonal, konsomasyon entelijan, devlopman dirab, antreprenarya jenès ak fanm, epi ekonomi sosyal ak solidaire. Travay li kontribye nan bati pon ant konsyans ekonomik ak inisyativ lokal.