Pòtrè
Erik Prince, fondatè konpayi militè Blackwater, se youn nan sa yo rele machann lagè modèn. Li fè fòtin li nan zòn konfli kote gouvènman yo gen lakrent pou mete pye. Daprè New York Times, mesye sa a tounen yon aktè kachèt nan batay kont gang nan Ayiti.
Se tip de pèsonaj ki bay bèl sèn pou seri televizyon ameriken. Depi prèske 30 lane, Erik Prince kounye a gen 55 an toujou ap jwe wòl sòlda lonbraj. Se yon antreprenè ki kontwovèsyal, ki deplwaye taktik li kote Leta afebli.
Li soti nan yon fanmi rich ak trè relijye nan Michigan. Trè jèn, li antre nan Navy SEAL, fòs espesyal marin ameriken an. Li sèvi nan plizyè misyon, tankou nan Mwayen Oryan, Bosni e menm Ayiti. Men, se inaktivite kominote entènasyonal la pandan jenosid Rwanda an 1994 ki mete l sou chimen aksyon. Nan lane 1997, li mete sou pye Blackwater Worldwide, yon konpayi sekirite prive ki tabli nan Moyock, North Carolina.
Konpayi an ofri sèvis li bay Depatman Deta Ameriken ak plizyè ajans federal. Aprè atak 11 septanm 2001, li tounen youn nan prensipal founisè sèvis militè prive pou Lagè Irak ak Afganistan. Pou jounalis Robert Young Pelton, Prince konsidere biznis li kòm FedEx vèsyon militè, yon altènativ rapid e efikas pou ranplase Pentagon li panse ki trennen pye.
Ant 2001 ak 2009, Blackwater touche plis pase 1.6 milya dola kontra federal, san konte misyon sekrè CIA pa janm piblik. Yo dekri Prince kòm yon “machann lagè” ak yon “Mr Fix-it” pou lagè kont teworis. Li konble vid leta yo, men pafwa li pa respekte règleman.
Kritik sa yo, li te rejte yo nan yon atik Vanity Fair an 2009, kote li deklare: « Mwen te mete tèt mwen ak konpayi mwen nan sèvis CIA pou misyon ki te trè riske. Men, lè sa tounen yon jwe politik, yo sakrifye m ».
Dapre otè Jeremy Scahill, Prince se yon “krisyan fon, milyadè ekstrèm dwat” ki konsidere lagè kòm yon zak lafwa: « Tout moun gen zam, tankou pwofèt Jeremi t’ap rebati tanp lan ak yon trwel nan men dwat, ak nepe nan men gòch ».
Men, Blackwater pa t ap pase san eskandal. Nan 2007, plizyè ajan li yo touye 14 sivil nan Bagdad. Kat ladan yo kondane an 2014, men yo resevwa padon Donald Trump an 2020. Sa montre koneksyon sere ki genyen ant Prince ak ekip repiblikèn.
Apre eskandal sa, Erik Prince vann Blackwater an 2010, ki vin chanje non plizyè fwa: Xe, Academi… epi li pran refij li nan Emira Arab Ini.
An 2011, New York Times rapòte li jwenn yon kontra $529 milyon pou mete sou pye yon lame 800 sòlda prive pou Emir Arab Ini. Men, li pa sispann la. Prince mete sou pye plizyè konpayi paravan, tankou Frontier Services Group (FSG), yon antrepriz sino-afrikèn finanse pa kapital Chinwa ki ofri sèvis lojistik ak sekirite. Anpil rapò mete aksan sou jan konpayi sa sèvi tou pou pwoteje min ak enfrastrikti estratejik nan Afrik.
Aparisyon Donald Trump mete l tounen sou sèn. Prince pwopoze privatize lagè Afganistan ak yon lame 6 000 sòlda prive. Sipò li jwenn bò kote Steve Bannon pa ase: Pentagòn rejte plan an. « Jeneral yo twò tradisyonèl », li ta deklare nan Le Monde an 2018.
Nan 2017, yon ankèt Washington Post revele li te fasilite yon rankont sekrè nan Seychelles ant administrasyon Trump ak yon emmisè Ris. Li reponn devan Kongrè epi admèt rankont lan, men li di objektif li se te eseye rekonsilye de gwo potans.
An 2021, yon rapò Nasyonzini akize l ke li vyole anbak entèwasyonal sou zam an Libi, kote li ta voye dron bay jeneral Haftar. Li toujou refize akizasyon yo, e li deklare: « Non mwen tounen yon motè klik pou moun ki renmen teorik konplo ».
Erik Prince kontinye ap opere nan lonbraj. Li pa janm ofisyèlman konseye Trump, men li patisipe nan finansman kanpay li. An fevriye ki sot pase a, li te prezante yon plan $25 milya nan La Mezon Blanch pou depòte 12 milyon imigran nan 2 ane epi mete yo nan kan militè.
Nou jwenn tou tras li nan Amerik disid, tankou Ekwatè nan lagè kont dwòg, epi Repiblik Demokratik Kongo (RDC) kote li ta siyen yon akò pou sekirize resous minè yo. Daprè sous yo, konpayi militè prive angle ak ameriken ap fè anpil rekritman ,menm franse, pou fè sekirite sou aktivite min nan plizyè peyi Afriken.
Selon New York Times, Erik Prince deja ap opere an Ayiti depi mwa mas. Li ta deja voye dron ki lage eksplozif sou katye gang kontwole yo. Gen anviwon 200 moun ki mouri, men pa gen okenn chèf gang ki arete oswa elimine.
Kondisyon kontra a prevwa tou li dwe voye 150 sòlda prive an Ayiti pandan ete a pou rekipere zòn estratejik yo. Men pa gen okenn enfòmasyon sou kijan operasyon sa ap finansye.
Yon fwa ankò, Ayiti abandone pa kominote entènasyonal la lage nan men sektè prive militè. Sa mete plis lonbraj sou respè dwa moun, pandan eta a pèdi kontwòl sou souverènte li. Men, se nan dezòd sa a Erik Prince, machann lagè, toujou konnen kijan pou l fè lajan.
Jean Launy AVRIL, Pòtrè Centre à la Une