Lapolis Ayiti anonse yo arete chèf gang Kanaran 90 la, Jonès Firmin, alyas « Timèt », 40 lane, ki soti nan komin « Les Anglais », depatman Sid, mèkredi 19 oktòb 2022 a, pou swadizan enplikasyon li nan asasina Jean Claude Desravaine. Anplwaye PNH sa a se mesye Timèt yo te boule tou vivan.

Pandan arestasyon li, nan Pierre Payen, yon lokalite nan komin St Marc, Jonès Firmin te akonpaye pa Pierre John Peter, yon natif natal nan komin Sen Mak.

Pou moman sa a, yo tout nan prizon pou swit legal yo.

An menm tan, nan kad operasyon Direksyon Depatmantal Lwès-II Polis la te fèt nan lide pou retabli lòd ak lapè nan komin Tabarre, yon endividi ame, ap vwayaje abò yon Nissan Frontier, ble, te blese epi mouri nan echanj kout bal ak lapolis, jedi 20 oktòb 2022 sa a, nan zòn Truitier.
Pandan entèvansyon sa a, yo te konfiske yon zam afe ki fè pati PNH la, mak Taurus, kalib 9mm (nimewo seri TFU 95735) ak machin kote li te ye a.
5 lòt moun pami yo 3 ti gason ak 2 fanm ajan PNH yo te arete nan Frecynau. Yo enplike nan zak brakaj ak vòl moto.
Nimewo 1 komisarya Saint Marc la di li pran desizyon pou mare tout moun k ap lage latoublay nan vil la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841