Nan yon nòt ministè enteryè rann piblik vandredi 20 janvye 2023 a, Direksyon Imigrasyon ak Emigration(DIE) fè tout moun konnen, pi espesyalman moun ki gen bezwen fè paspò, a pati vandredi 20 janvye 2023 a, pou rezon teknik, li pa p resevwa demann paspò ankò ni nan Sant li genyen nan ri Penchina, Petyonvil, ni nan Biwo santral li, sou Lali.

Pilwen, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon profite fè konnen li mete kanpe twa (3) lòt Sant tou nèf. Youn nan lokal Jimnazyòm vensan, ri Romen, pòtoprens epi yon dezyèm nan Pak Sent Terèz, Petyonvil. Tou de(2) Sant sa yo ap louvri pou bay sèvis a pati lendi 23 janvye 2023 a. Yo fè konnen twazyèm Sant la limenm chita sou wout ayewopò, nan ansyen lokal BNC, Pak Endistriyèl SONAPI e lap tanmen travay nan dat mèkredi 25 janvye 2023.

DIE kontinye pou di kontribyab Pòtoprens ak zòn ki sou kote l yo, toujou ka ale nan Sant(DIE) ki Delmas 31,ouswa Sant(DIE) ki nan ri Lama sou Chanmas ak Sant(DIE) ki sou wout Taba depoze tou demann paspò yo. Dispozisyon sa yo,se pou jere pi byen kantite demann paspò yo ki vinn pi plis.

Depi aprè anons nouvo program peyi Etazini mete disponib pou fasilite 30 mil moun k ap soti nan 4 peyi pami yo Ayiti rantre Etazini an, kantite moun ki vini pran sèvis paspò yo eksploze Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841