Vandredi 18 dawou 2023 a lajistis nan vil Mibalè libere Mackenson Tanvil ki se pwopriyetè biznis KFM nan vil Beladè ki se youn nan moun ki gen anpil lajan; poutan yo kenbe 2 anplwaye l ki se: Oslet Gilles ak Nevel Paniague (yon ponpis ak yon sekirite).

Se dwayen Tribinal la, Mèt Lexander Dorilas ak komisè gouvènman, Mèt Gabriel Fleury ki siyen pou akòde libète provizwa ak Mackenson pou rezon imanitè sou demand avoka Mackenson yo.

Apré yon Abeas vandredi 18 out 23 a nan TPI Mibalè dwayen Lexander Dorilas ak CG Gabriel Fleury libere Tinvil Makenson. Anviwon 2è tan aprè òd liberasyon an, men komisè gouvènman an ki te siyen liberasyon an, CG Gabriel Fleury voye yon kont lòd pou kenbe Mackenson ki t ap pran swen nan lopital inivèsitè Mibalè (HUM), sou dilijans kèk avoka prevni an kite HUM kote l tap pran swen pou pran chemen lakay li.

Selon sa Mèt Asheley Jean-Baptiste ki se youn nan avoka Tinvil yo rapòte ak Centre à la UNE, komisè gouvènman an te debake nan lopital HUM kote prevni an t ap pran swen an epi li arete l ak yon lòt kòlèg avoka li ki se Wikenson Cenastus ki te sou lakou lopital la. Epi yon ti tan aprè sou demand plizyè avoka CG fleury ta pral libere li.

Mèt Asheley kontinye pou li di arestasyon li an ak kòlèg li a te fèt san motif epi li reproche komisè a kòm yon moun yo manipile paske li fin bay yon lòd liberasyon epi yon ti tan aprè li bay yon kont òd pou kenbe Mackenson.

N ap raple, DCPJ te akize Mackenson kòm moun ki nan vann zam e k ap alimante gang 400 mawozo a ak zam, aprè yo te fin debake nan biznis li nan Beladè, fouyel kote DCPJ te jwenn: yon UZI seri UP09698 ak 2 chajè plis yon fizi daso AR15 seri MTS 08609 ak 2 chajè, yon fizi otomatik Valero de série 027953 ak yon chajè, 327 dola Ameriken, 37 katouch kalib 5.56mm, 4 katouch 12mm e 10 katouch calib 9mm, 4 telefòn pòtab, yon machin Toyota 4Runner nwa plak FF-0228. Responsab KFM yo fè konnen se pou sekirize biznis lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841