Peyi Etazini pa kanal Eric Stromayer ki se chaje dafè pou yon ti tan USA an Ayiti fè polis nasyonal Ayiti a kado mèkredi 30 dawou 2023 a, 40 pikòp mak Toyota Land Cruiser epi tou remèt kle prizon sivil Tigwav la yo te konstwi.

Nan seremoni sila ki te dewoule nan lokal DGPNH la, Eric Stromayer fè konnen Etazini renouvle volonte li pou kontinye ede Ayiti nan nivo lajistis pou redui popilasyon kaseral la ki bay gwo problèm nan peyi a.

Eric kontinye pou di  » prizon Tigwav la konstwi selon tout prensip entènasyonal yo. Li genyen kapasite pou resevwa 228 prizonye, li genyen enèji elekrik gras ak pano solèy, kamera siveyans.

Emmelie Prophète Milcé kote pal ki se Minis Jistis Ayiti remèsye Gouvènman Ameriken an ki ede yo pou pi byen trete prizonye yo. Minis la rapousib nan diskou li pou di » lè mwen fin li dokiman prizon an mwen wè se yon prizon modèn ki respekte tout kritè entènasyonal yo e mwen kontan anpil. Sitiyasyon prizon yo ak detansyon prevantif prolonje vrèman preyokipe Ministè lajistis e prizon sila ap ede nou anpil nan kad batay nou. »

Pou l fini, Minis lan raple polis nasyonal la bezwen anpil sipò ak fanm ak gason ki gen kouraj pou ede peyi a travèse moman difisil l ap fè fas la.

Selon sa PNH fè konnen, don sila pral ede yo ranfòse kapasite operasyonèl yo pou lite kont bandi yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841