Otorite amerikèn arete 3 endividi nan divès eta, ki ta fè tèt yo pase pou ajan Polisye ICE.

Otorite amerikèn yo arete moun, nan 3 Eta diferan ki fè tèt yo pase pou ajan ICE pou fè move aksyon sou migran yo. Nan South Carolina, yo arete Sean-Michael Johnson, 33 lane, yo akize li de kidnapping epi ki fè tèt li pase pou polisye. Johnson akize tou poutèt li prezante tèt li volontèman, e ilegalman kòm yon ajan ICE, poul te anpeche machin yon sitwayen deplase. Dosye jidisyè a montre, ensidan sa pase 29 janvye 2025, nan zòn zile Sullivan, touprè Charleston. Johnson ta pral libere aprè, paske fanmi l te plede devan tribinal pou di misye malad mantalman.

Nan Philadelphia, Lapolis arete Aidan Steigelmann ki gen 22 lane, ki te avèk 2 lòt endividi, ki te fè tèt yo pase pou polisye ICE, pou te rantre nan yon rezidans sou campus yon inivèsite. Lapolis arete Steigelmann, men gen 2 lòt ki sove. 2 nan mesye yo te gen chemiz ki make « Police ICE » sou yo nòmalman.

Twazyèm ka a pase nan zòn Raleigh, North Carolina, kote Lapolis arete Carl Thomas Bennett, ki fè tèt li pase pou yon ofisye ICE, epi fè kadejak sou yon fanm nan yon Motèl. Daprè dokiman Lajistis, Carl ki gen 37 lane, te menase fanm nan, epi di lap depòte l, si li pa dakò fè bagay avèl.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841