Peyi Etazini pa sispann tout asistans li pou Misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite ann Ayiti an. Okontrè, Sekretè Rubio apwouve eksepsyon ki pèmèt misyon MSS ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) jwenn plizyè milyon dola asistans enpòtan. Se sa anbasad peyi Etazini pibliye mèkredi 5 fevriye 2025 lan.
 
Anbasad la fè konnen depatman Deta apwouve eksepsyon pou $40.7 milyon dola nan asistans etranjè pou misyon MSS la avèk PNH la. Sa gen ladann li kontra lojistik pou sipòte baz operasyon avanse yo, yon kontra antretyen machin pou sipòte flòt misyon MSS la, yon kontra sèvis medikal pou PNH la, sèvis transpò pou livrezon ekipman Depatman Deta bay yo ak kontra ki sipòte ekspè nan domèn sa yo kap travay ak PNH la.
 
Jis ayè la a, peyi Etazini livre yon seri gwo ekipman blennde ki nesesè anpil bay misyon MSS la ak PNH la nan Pòtoprens.
 
Sekretè Jeneral Nasyonzini an te anonse ke peyi Etazini sispann itilizasyon rès 13,3 milyon dola li te bay nan fon spesyal Nasyonzini an. 15 milyon dola total yo te bay nan fon sa a reprezante mwens pase 3% fon total peyi Etazini bay dirèkteman pou sipòte misyon MSS la.

Responsab Misyon Miltinasyonal La Godfrey Otunge, nan yon pwen de près mèkredi 5 fevriye 2025 la, pote kèk presizyon: « Misyon MSS an Ayiti rete yon priyorite pou gouvènman ameriken an. Tankou nenpòt lòt chanjman administrasyon nan yon gouvènman, gen kèk ajisteman ki dwe fèt. Men, nan kad revizyon 90 jou administrasyon ameriken an sou èd pou devlopman, misyon MSS la ap kontinye san okenn entèripsyon, paske tout mekanis ki nesesè yo deja an plas. »

N ap siyale: Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio apenn rive repiblik Dominikèn, aswè mèkredi 5 fevriye 2025 la. Imigrasyon, kriz ann Ayiti, USAID, dwe figire pou òd diskisyon yo nan kè deba yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841