Bilyonè Elon Musk, prezidan ameriken an Donald Trump te nonmen pou dirije Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) , defann aksyon depatman li Madi 11 fevriye nan Mezon Blanch la, li deklare si yo pa koupe bidjè a, Etazini ap fè « fayit ».

« Nou gen yon defisi $2 milya dola, e si nou pa fè yon bagay sou defisi sa a, peyi a pral fè fayit, » Musk te fè deklarasyon sila bò kote prezidan Repibliken an nan Biwo Oval la.

Musk prezidan Trump nonmen pou dirije « Depatman Efikasite Gouvènmantal la » (DOGE), mete nan ekip li plizyè jèn moun ki nan ventèn yo, ki ap travay nan aparèy federal la depi plizyè semèn ak yon misyon pou yon pi bon itilizasyon fon piblik yo.

Ekip li yo sitou te gen aksè a sistèm pèman ki trè sansib nan Depatman Trezò Ameriken an, e yon jij federal te sispann aksè DOGE ak sitèm nan Samdi.

Opozisyon Demokratik la denonse aksyon pwopriyetè rezo sosyal X la, ke yo konsidere kòm ilegal paske daprè yo Musk pa gen okenn manda elektoral oswa prete sèman pou misyon sa a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841