Direktè Jeneral polis Ayiti a M. Normil Rameau, konfime dimanch 16 fevriye 2025 la, lapolis ak sòlda lame a deloje bandi yo ki te vle pran kontwòl ansyen espas teleko a ki gen prezans sòlda FAD’H yo. Lapolis arete plizyè bandi.
Daprè sa Pòt-pawòl Adjwen Lapolis la di, yo jwenn kò 2 mesye sa yo anndan ansyen lokal Teleco a, bandi te okipe. Sòlda FAD’H ak ajan BSAP la tonbe pandan yo t ap eseye repouse bandi yo. Lionel Lazarre fè nou konnen operasyon an ap rapousib anlè Kenscoff. Pou kounya, Lapolis ak fòs miltinasyonal la gen kontwòl espas ansyen Teleco a, e kontinye ap twoke kòn ak bandi yo. Pa gen detay ki bay sou arestasyon oubyen bandi ki ta tonbe nan kad afwontman sa yo, sepandan, Pòt-pawòl la di y ap gen pou yo drese yon bilan.
Daprè ansyen depite Kenskòof la Alfredo Antoine, 2 sòlda fòs lame Dayiti sa yo viktim nan yon baz yo genyen ki nan espas kote antèn estasyon radyo ak telekominikasyon yo ye nan komin nan. Se depi granm maten gang kriminèl yo lanse nouvèl atak sa sou plizyè katye nan Kenkòf, epi sible divès zòn estratejik. Malgre prezans fòs lòd yo, bandi « Viv Ansanm » yo kontinye ap pran teritwa toujou. Pandan tan sa a, plizyè oblije kouri kite zòn nan pou yo pa viktim.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !