Aprè anviwon 8 jou wout nasyonal nimewo 3 a ki releye gran Nò a ak rès peyi a pou revandike sekirite, ansyen Senatè Sant Willot Joseph, revandike mouvman sila nan yon nòt vokal samdi 29 Mas 2025 lan pandan li prone yon separasyon total gran Nò a ak lwès pou fè gran Nò a tounen yon nouvèl Repiblik.
Senatè wilot Joseph kritike pouvwa anplas la li di ki pran tout resous ki genyen nan lòt depatman yo pou fè briganday nan Pòtoprens pa janm retounen anyen pou popilasyon rejyon yo ki ap monte yon kalvè pa do. Okontrè lè pèp la revandike yon bagay ki ap bon pou li se nan betiz imilyasyon yo pase li. Pousa li mande tout moun rejyon gran Nò a ini yo pou fè menm sa Henry Christophe te fè a ki se repiblik Gran Nò.
Yon lòt bò senatè a kritike mezi Ministè ekonomi ak Finans pran pou entèdi biwo Ladwàn ki nan fwontyè Ayisyano-Deminikèn yo resevwa machandiz ki soti nan lòt peyi etranje ki pase pa Sendomeng, kote MEF presize machandiz yo dwe antre Ayiti nan bato, pou biwo dwàn konpetan yo kontwole yo pap aplike nnan depatman Sant. MEF te fè konnen ajan dwànye fwontalyè yo dwe sezi tout machandiz ki vyole prensip sa yo.
N ap raple, se pa sèlman Senatè wilot Joseph kòm politisyen ki revandike blokaj wout nasyonal nimewo 3 a, byen avan aktyèl ajan enterimè Mibalè a revandike mouvman sa tou. Paralèlman estrikti sosyo-politik REPOSEM anonse yon manifestasyon lendi 31 Mas 2025 lan, pou mande Leta Santral sekirite, voye plis polisye espesyalize ak cha blende Mibalè, yon lòt pon sou rivyè Feracheval sou wout nasyonal nimewo 3 a ak retabli kouran 24/24 nan vil la atravè santral idwoelektrik pelig.