Nan peyi kote doulè tounen manje maten, epi krim parèt tankou nòmal, nou pa ka kontinye fè silans. Gen mo ki pa ka tann, gen vwa ki pa ka toufe. Lè w wè lanmò ap danse nan lari, epi leta ap fè ti dòmi, sa pa rele neglijans ankò, sa se trayizon.

Depi plis pase 12 jou, vil Mibalè ak Sodo, ansanm ak plizyè zòn nan kapital la, ap viv anba kontwòl total teworis yo k ap taye banda, san okenn repons, san okenn mezi, san okenn anons ofisyèl otorite nasyonal yo . Kòm si pèp sa a pa gen enpòtans. Kòm si moun ki mouri yo se fèy bwa ki tonbe, pa tounen soufrans ni kriye, poutan yon marigwen mal dòmi kay vwazen an, leta peyi nou gentan pran lapènn epi se chen ki kontinye ap manje kadav pitit tè a nan lari.

Ki kote KPT a ye?
Ki kote Premye Minis la?
Ki kote Direktè Jeneral Lapolis la?
Ki kote Lame a?

Yo tout fèmen bouch, vire do bay peyi a tankou fanmi ki lage pitit li sou chimen dife. Yo kite lari a bay lanmò san jou, Jeff kanaran, ak tout rès chèf teworis li yo ki ap defile nan vil Mibalè ak fyète, tankou si se yo ki mèt drapo a. Videyo sa yo ap sikile sou tout rezo sosyal , yo pa kache. Yo pa pè, yo pa kouri. Epi n tande ke polis la ap chache yo, ak 60 kilomèt pi lwen katye jeneral yo, y ap flannen nan Mibalè ak kèlke mèt de baz plizyè inite espesyalize nan kafou Pelig.

Nan tan lontan, lè lègzanp pa t janm manke, nou te di moun ki pa reponn lè peyi a rele yo, se mechan, men jodi a, nou di sa pi fò: yo konplis. Yo konplis nan zak kriminèl, yo konplis nan masak, yo konplis nan pèdi lespwa pèp la. Lè leta pa aji, li mete teworis sou pouvwa.

Nou pa ka tann sentespri desann sou Palè Nasyonal. Nou pa ka tann enstitisyon fè mirak. Se nou ki gen pouvwa pou di ASE!

Nou lanse yon apèl fò, solid, dirèk:
Fòs viv depatman Sant lan, sosyete sivil la, òganizasyon lokal yo, sektè popilè yo, SE TAN NOU! Se pa tan pou rele, ni tan pou plenyen.
Se tan pou òganize, mobilize, leve kanpe.

Pase echaf bay teworis se pa solisyon. Fè lasyans ak silans se ba l apui. Lè nou ini, se lespwa ki pran flanm. Lè nou separe, se teworis ki monte flanm.

Pa gen okenn pouvwa ki pi fò pase pèp ki konnen valè tèt li.Pa gen pwochèn fwa , se kounye a oswa nou pèdi tout bagay.

Ayiti pa bezwen plis diskou, li bezwen aksyon.
Depatman Sant la pa bezwen pitye, li bezwen chita sou de pye l.

Nou pa ka kite timoun nou yo erite chenn nou yo.Nou dwe kase yo. Kounye a e ansanm.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire