Ayiti ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz imanitè li janm konnen : plis pase yon milyon timoun ap soufri anba ensekirite alimantè ekstrèm, daprè dènye rapò UNICEF nan mwa Avril sa . Sitiyasyon an grav, epi risk grangou ap plane sou tout peyi a, pandan vyolans ame, povrete ak difikilte ekonomik kontinye ap mete fanmi yo ajenou.

Daprè dènye done Kad Entegre pou Klasifikasyon Sekirite Alimantè a (IPC), 2.85 milyon timoun sa vle di yon ka nan tout popilasyon timoun yo ann Ayiti ap viv ak gwo difikilte pou jwenn manje. Timoun sa yo ap soufri malnitrisyon, epi fanmi yo pa gen ase manje pou nouri yo.

Nou ap viv yon reyalite kote anpil manman ak papa pa ka okipe pitit yo ankò. Vyolans kap fèt chak jou, povrete ki pa sispann ak kriz ekonomik lan mete lavi timoun yo an danje,” se deklarasyon Geeta Narayan, reprezantan UNICEF ann Ayiti.

Li lanse yon apèl ijan pou entèvansyon : depistaj timoun ki soufri malnitrisyon, aksè a tretman, ak resous pou prevni ka grav. Nan sèlman premye trimès 2025 la, UNICEF ak patnè li yo trete 4 600 timoun ki te gen malnitrisyon grav — yon pousantaj ki twò ba konpare ak 129 000 timoun yo prevwa ki pral bezwen swen medikal ane sa a.

Men kriz la pa sèlman alimantè. Sektè sante a ap kraze : mwens pase 50 % sant sante nan kapital la ap fonksyone, epi de tyè nan pi gwo lopital piblik yo fèmen pòt yo. Sa mete plis baryè sou aksè timoun yo a swen sante. Rezilta : yo ekspoze ak maladi ki te ka evite.

Vyolans gang yo agrave sitiyasyon an. Nan anpil zòn, li enposib pou jwenn manje oswa èd. Kèk rejyon deja klase kòm « zòn grangou » kote 8 400 moun deja afekte gravman.

Malgre ijans lan, repons entènasyonal la fèb. Pwogram nitrisyon UNICEF lan gen 70 % defisi finansman, sa ki mete limit sou sa yo kapab reyalize.

Jodi a, Ayiti bezwen plis pase pawòl. Timoun yo ap soufri. Fanmi yo ap kraze. Epi grangou pa ka tann.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar