Ofisyèlman, administrasyon Trump lan anonse yo mete « òganizasyon kriminèl viv ansanm yo ak gang Gran Grif Savyen » sou lis Teroris mondyal. Se Office Ofreign Assets Control (OFAC) ki pibliye sa vandredi 2 me 2025 la.
Daprè depatman Deta ameriken, deziyasyon gang Ayiti yo kòm teroris pral kapab fasilite entèvansyon fòs lòd amerikèn yo ann Ayiti, pandan enstitisyon an menase tout moun osnon antite k ap sipòte gang Ayisyen yo, kote moun sa yo riske pousuit penal, entèdiksyon pou antre Etazini osnon ekspilse yo.
Depite Demokrat Sheila Cherfilus ak Mccormick Gregory ekri Sekretè Deta ameriken Marco Rubio, pou eksprime preokipasyon yo fas ak entansyon depatman deta gen pou deziyen gang Ayiti yo kòm òganizasyon teroris etranje san pa gen estrateji global pou soutni kapasite otorite Ayisyèn nan kontrekare gang yo.
Palmantè ameriken yo mande depatman deta elabore yon estrateji reyèl k ap reponn ak bezwen ijan pèp Ayisyen an, nan soutyen ak estabilize sitiyasyon sekiritè ak politik yo k ap soutni yon pi gran opòtinite ekonomik.