Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye mennen operasyon ofansif kont gang ame yo nan plizyè rejyon peyi a. Nan dènye entèvansyon sa yo, otorite yo fè konnen yo elimine plizyè bandi, mete men sou zam, epi arete de endividi ki sispèk nan asasina.

Kenscoff : Plis pase 20 bandi pèdi lavi yo

Nan komin Kenscoff, PNH lan mete men sou plis pase ven bandi ki fè pati kowalisyon gang “Viv Ansanm”. Operasyon an, ki te vyolan anpil, vize plizyè manm pwòch chèf gang “Krisla” ki gen baz li nan Tibwa. Gen lòt bandi ki blese pandan echanj kout zam ki te dewoule pandan entèvansyon an.

Tabarre : Nimewo 2 gang « Chyen mechan » mouri nan echanj kout zam

Nan zòn Clercine, komin Tabarre, CBIM ak UDMO Lwès-2 te mennen yon operasyon kote plizyè bandi blese grav, pami yo « Lougans », nimewo 2 gang « Chyen mechan », ki pa t ka sove lavi l. Lapolis rapòte tou ke lòt gangis ki te vin bay ranfò, tankou “Chalè” (chèf gang Tokyo) ak “Sipo” (soti Drouillard), te blese pandan echanj yo.

Okay : De sispèk arete pou asasina

Nan menm jounen 3 me 2025, nan vil Okay, lapolis Depatman Sid arete Boduy Lataillade ak Morpeau Eril. Yo sispèk yo pou asasina biznisman Gerson Borgat, ki te mouri asasinen 2 avril 2025 pandan li t ap kondwi machin li.

MIBALÈ: Samdi 3 me 2025, Lapolis nan Mibalè reyalize yon ti pwogresyon estratejik nan kad operasyon y ap mennen kont gang ame nan rejyon an. Fòs lòd yo rive pi devan pon Feracheval, zòn ki konekte ant Siseven ak Kafou Pelig.Selon enfòmasyon preliminè, gen kèk endividi ki ta asosye ak gwoup ame yo ki viktim pandan entèvansyon an. Otorite yo poko bay detay ofisyèl sou kantite moun ki arete oswa blese, ni sou sitiyasyon sekirite a aprè operasyon an. Nou ap swiv dosye a pou plis detay.

PNH lan, atravè operasyon sa yo, montre detèminasyon li pou mete lòd ak sekirite nan peyi a. Malgre defi yo, lapolis kontinye mobilize pou konbat ensekirite ak vyolans gang yo ap simen nan tout kwen peyi a.

Haiti Libre

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841