Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kondane sa li rele britalite polisyè epi li lanse yon apèl pou respè dwa Anseyan yo.
Nan yon Kominike pou Laprès Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pibliye, nan dat 19 me 2025 lan, li kondane konpòtman inakseptab sa ajan Polis Nasyonal Ayiti a fè lè li frape piblikman yon pwofesè, nan okazyon selebrasyon fèt Drapo a, 18 me 2025 lan, nan Katedral « Notre Dame » Kap-Ayisyen an, daprè sa nou li nan Kominike a. MENFP fè konnen ensidan regretab sa anyen pa ka jistifye l nan okenn ka, ankò mwens tolere l nan yon Eta de dwa.
Pi lwen, Ministè a raple yon zak parèy konstitye yon atent grav non sèlman avèk diyite anseyan sila men tou avèk ansanm kò pwofesoral la, ki se pilye esansyèl edikasyon, sivis ak avni Patri a. MENFP pwofite pou lanse yon apèl bay otorite konpetan yo pou mennen yon ankèt epi pou pran tout mezi nesesè pou responsab yo reponn avèk zak yo, selon sa nou li nan Kominike pou Laprès la.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li eksprime endiyasyon l fas avèk zak sila ki fèt kont pwofesè a pandan li raple anseyan yo merite toujou konsiderasyon, pwoteksyon ak onè e yo dwe trete yo nan dimansyon responsablite yo ak enpòtans sèvis yo ap bay avèk Nasyon an.
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE