Otorite federal ameriken arete yon gwoup migran ki sòti nan plizyè peyi Amerik Latin, tankou ; Meksik, Gwatemala, Nikaragwa, Salvador, Kolonbi ak Ondiras, pandan y ap travay sou yon gwo chantye konstriksyon nan vil Tallahassee, nan dat 29 me 2025 la, nan Eta Florid. Daprè sa otorite yo fè konnen, operasyon sa a fèt kòm yon pati nan efò gouvènman an pou mete plis presyon sou imigrasyon ilegal.

Selon Depatman Sekirite Entèn (Homeland Security Investigation, HSI) nan Tampa, kèk nan moun yo te deja sibi depòtasyon nan tan lontan, tandiske lòt yo genyen dosye kriminèl. Nan yon deklarasyon ofisyèl, HSI di klèman:

“Si ou pa gen yon estati legal, epi nou rankontre w pandan yon operasyon, n ap arete w!”

Sa montre angajman otorite federal yo pou mete an aplikasyon lwa imigrasyon an san tolerans. Responsab yo nan Florida mete aksan sou kolaborasyon y ap bay administrasyon Trump lan pou soutni efò federal ki vize arete epi depòte tout migran ki pa gen papye legal nan eta a.

Daprè sous tankou USA Today ak Newsweek, operasyon sa yo vin pi entans pandan sezon travay la ap ogmante, kote anpil imigran san papye jwenn ti travay sou sit konstriksyon pou yo ka jere lavi yo ak fanmi yo. Sepandan, otorite yo raple ke tout imigran dwe respekte lwa epi genyen dokiman ki nesesè pou travay legalman Ozetazini.

Reyaksyon sou arestasyon sa yo varye. Pandan kèk apwouve mezi sa yo kòm yon nesesite pou sekirite nasyonal, lòt vwa ap leve pou kritike aksyon an kòm yon fòm pèsekisyon sou kominote migran yo, espesyalman sa ki kontribye chak jou nan ekonomi lokal la atravè travay di yo.

Se youn nan plizyè operasyon ki montre aklè kijan kesyon imigrasyon an ap kontinye mete tansyon nan politik Ameriken an, espesyalman nan konte eta tankou Florida kote imigran yo reprezante yon gwo pati nan fòs travay la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841