Konfli ant Iran ak Izrayèl se youn nan pi gwo sous tansyon geopolitik nan Mwayen Oryan an. Konfli sa a pa sòti ni nan yon atak dirèk ni nan deklarasyon ofisyèl lagè, men li baze sou desizyon estratejik, rivalite ideyolojik, ak opozisyon sou kesyon enfliyans rejyonal. Depi revolisyon Islamik Iranyèn nan lane 1979, relasyon ant de peyi sa yo te antre nan yon faz antant kase, kote yo souvan afwonte youn lòt pa entèmedyè alye ak zak endirèk.
Rejim Iranyen an konsidere tèt li kòm gadyen mouvman anti-siyonis ak defansè pèp Palestinyen an. Kontrèman, Izrayèl wè Iran kòm pi gwo menas kont sekirite li, espesyalman akòz devlopman pwogram nikleyè Iran an. Anplis de sa, Iran kontinye bay sipò militè ak finansye a gwoup ame tankou Hezbollah ann Liban, milis chiit nan Siri, ak lòt fowòm anti-Izrayelyen atravè rejyon an. Sipò sa yo pèmèt Iran elaji enfliyans li, men an menm tan, li mete tèt li an konfli ouvè ak estrateji sekirite Izrayèl.
Nan dènye ane yo, eskalad militè a ogmante. Izrayèl lanse plizyè frap ayeryen sou teritwa Siryen yo, sou pretèks y ap vize enstalasyon Iranyèn oswa konvwa zam ki vize Hezbollah. Anplis, operasyon sekrè tankou asasinay pèsonalite militè oswa syantifik Iranyen yo, epi atak sibè kont enfrastrikti Iranyèn, montre nivo konfwontasyon an ap monte. Iran, bò kote pa l, pa rete bra kwaze; li reponn pa ranfòse rezo milis li yo, mete presyon sou fwon nò Izrayèl la, epi kontinye devlope kapasite balistik li.
Malgre tout siy ki montre ke konfwontasyon sa ka debouche sou yon lagè ouvè, gen baryè ki toujou kenbe l anba kontwòl. Entèvansyon diplomatik Lamerik, Larisi, Lachin oswa Inyon Ewopeyen an konn mete frenn sou tansyon yo. Pi souvan, se prensip estratejik « detant aktif » ki aplike, kote chak kan ap voye mesaj fò san yo pa travèse liy wouj ki ta ka lanse yon konfli total.
Finalman, rivalite Izrayelo-Iranyèn nan mete an evidans limit Dwa entènasyonal la, ki souvan pase devan kalkil jewopolitik ak enterè nasyonal. Fòs diplomasi a febli lè militè a ap pale, e règ entènasyonal yo souvan neglije lè gran puisans yo chwazi tolere oubyen manipile tansyon sa yo pou pwòp avantaj yo. Sa fè nou poze tèt nou kesyon sou avni sekirite kolektif ak sou plas moralite nan relasyon ant nasyon.
« Tout gè kache yon pè nan reyalite. » parapò ak sityasyon an, pawòl sa sanble mete aksan sou sa k ap tann Mwayen Oryan an si solisyon diplomatik pa jwenn.
Newton Monnay, Entènasyonalis