Sou rezo sosyal li ap Truth, prezidan ameriken an Donald Trump eksprime kontantman li pou fason li tante rezoud plizyè konfli ant peyi. Nan tèks sa a li pibliye ayè vandredi 20 jen an, Trump di yo ta dwe ba li yon pri nobèl lapè pou si bèl travay sa yo l ap reyalize.

Donald Trump kòmanse tèks la pou prezante kontantman li sou gè RDC/Wanda a: « Mwen kontan anpil pou m anonse mwen te fè aranjman ansanm ak Sekretè Deta a Marco Rubio, pou yon bèl Trete ant Repiblik Demokratik Kongo a ak Repiblik Rwanda, nan lagè ki opoze yo a ki gen anpil vyolans, masak ak lanmò plis pase pifò lòt gè yo, e ki dire pandan plizyè dizèn ane.

Reprezantan Rwanda ak Kongo yo pral Washington lendi 23 jen an pou siyen Dokiman yo. Sa a se yon gwo jou pou Lafrik e franchman, yon gwo jou pou lemond antye !

Li kontinye pou fè elòj tèt li kòm yon chanpyon ki merite yon pri nobèl lapè: Mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè pou sa, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te kanpe lagè ant End ak Pakistan, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te kanpe lagè ant Sèbi ak Kosovo, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te mete lapè ant Ejip ak Etyopi (pa mwayen yon gwo baraj Etyopyen yo te konstwi, Etazini te finanse,) epi mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè paske mwen te fè akò Abraram yo nan Mwayen Oryan an ki, si tout bagay ale byen, pral gen anpil lòt peyi ki siyen, epi ki pral ini Mwayen Oryan an pou premye fwa depi plizyè lane.

Non, mwen p ap jwenn yon Pri Nobèl pou Lapè kèlkeswa sa m fè, tankou Larisi/Ikrèn ak Izrayèl/Iran, kèlkeswa rezilta sa yo. Men, pèp la konnen tout sa mwen fè yo, e se sèl sa ki enpòtan pou mwen!  » Donald Trump fini piblikasyon a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841