Nan yon kontèks kote silans ap vale pawòl, kote laprès ap lite pou l egziste sou tè d’Ayiti, kote nouvèl souvan vin tounen zouti manipilasyon politik, Jounal Centre à la Une leve tankou yon branch flanm ki chita sou diyite, endepandans ak angajman. Jodi a, 9 jiyè 2025, li fè 5 lane depi medya sa a ap batay chak jou pou mete verite an premye, kèlkeswa risk, kèlkeswa menas.
Tipa Tipa, mo pa mo, Centre à la Une konstwi kredibilite li pa fason li mennen batay enfòmasyon an sou tout fòm li yo: atik, editoryal, podkast, ribrik, entèvyou, dokimantè. Li pa t janm kont pou bay nouvèl tousenpleman ,li tounen yon espas kote vwa ki pa t tande yo vin jwenn lespwa, kote entèlektyèl yo jwenn miray pou ekri, kote jèn yo aprann mete lespri kritik sou sa y ap viv.
Nou pa ka pale de jounal sa a san mete limyè sou jan li te fèt, pa sou baz finansman etranje, men sou angajman kèk jèn militan k ap viv nan diferan kwen peyi a e dyaspora. Depi premye atik li te mete sou Facebook jiyè 2020, jounal la pa janm sispann mete aksan sou prensip fondamantal li yo: transparans, presizyon, lang manman ki se kreyòl la , ak sans responsablite.
Soti nan ribrik Gwo Koze, rive nan Tribin, Zoom Développement, Oroskòp , Jou pou Jou , Lorizon san fontyè, kilti oswa Editoryal, Centre à la Une se pa yon jounal òdinè. Li tounen zouti pedagojik, zouti mobilizasyon, zouti refleksyon kolektif. Li konekte lespri nou ak memwa nou, li mete Ayiti an fas ak tèt li, li pouse jèn yo ekri, li mete fanm yo pale, li pouse peyi a panse.
Travay sa a fèt gras ak kolaborasyon yon ekip k ap travay ak lanmou, kouraj e detèminasyon plizyè poto mitan gason vanyan e angaje nan batay sa a. Yo mete lavi yo an danje pou pèp la ka gen verite, pou klas mwayèn lan ka rete okouran, pou rès mond lan ka konprann Ayiti pa sèlman se kriz ak sang.
Wi, gen menas. Wi, gen boycott. Wi, gen presyon. Gen fwa nou pèdi moun nan wout la , gen fwa nou sibi atak sou rezo yo, gen fwa nou jwenn entimidasyon pou nou fèmen bouch nou. Men nou pa sispann. Nou chita sou prensip. Nou se pa vwa pouvwa, nou pa vwa zafè, nou pa vwa patizan, nou se vwa sa ki pa janm tande yo. Nou se yon tribin moral, yon miray memwa, yon podyòm diyite.
5 lane aprè, Centre à la Une se plis pase yon jounal. Se yon kominote. Se yon rezo lespwa. Se yon eksperyans kolektif kote chak klik, chak like, chak pataj tounen yon jès angajman pou peyi a pa tounen nèg mawon nan pwòp listwa li.
Pandan nou selebre 5 lane travay san rete, nou lanse je nou sou 10 lòt lane devan. Nou pare pou grandi, pou fòme plis jèn, pou ouvri plis pòt, pou mete plis mikwo nan bouch sa yo ki toujou sou bò fènwa a. N ap kontinye mete limyè kote pa gen kouran, mete son kote yo fè silans, mete verite kote yo mete pawòl vid.
Viv Centre à la Une, viv tout kolaboratè li yo, viv tout lektè li yo, viv tout moun ki kwè nan yon lòt kalite Ayiti. Se pa kout zam ki pou gouvène nou, se kout plim, kout kamera, kout analiz, kout konviksyon.
Nou pap dekouraje. Nou pap fè bak. N ap kontinye jiskobou.
Jean Launy AVRIL, direktè jeneral, redaktè ak editoryalis Centre à la Une