Vandredi 18 jiyè 2025 la make yon dat enpòtan nan relasyon diplomatik ki genyen ant Ayiti ak Kolonbi. Se jou sa a, Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, te debake ofisyèlman nan Pòtoprens ak yon delegasyon enpòtan. Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, te resevwa li nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, ansanm ak plizyè manm KPT la, Premye Minis lan, ak twa minis gouvènman an. Vizit sa a pa t yon senp pawòl bèl diskou diplomatik, men li reprezante yon chimen klè pou mete yon patenarya solid, dirab, ak estratejik sou pye ant de nasyon yo.

Nan yon kontèks mondyal kote anpil chanjman jeyopolitik ap fèt, Ayiti ak Kolonbi chwazi mete tèt ansanm pou repanse relasyon Sid-Sid la sou baz solidarite, respè, ak memwa pataje. Nan reyinyon binasyonal ki te fèt nan Villa d’Accueil, Prezidan Fritz Alphonse Jean te mete aksan sou valè istorik solidarite ki te egziste ant pèp ayisyen ak pèp latin yo, sitou sou konkou Ayiti te bay Simon Bolívar pandan batay endepandans peyi ameriken yo. Li te mete aksan sou mizè pèp ayisyen an ap travèse, epi li mande sipò Kolonbi pou ede Ayiti leve defi sekirite ak sosyal yo.

Prezidan Petro, nan entèvansyon li, te pale ak anpil afeksyon pou pèp ayisyen an. Li di li kwè Ayiti ka reprann wout lapè, devlopman ak souverènte si gen yon volonte reyèl. Li mete aksan sou nesesite pou mete fen nan ensekirite a epi rebati Ayiti sou yon modèl sekirite efikas, modèn, ak diy pou pèp la.

Nan kad vizit la, tou de peyi yo te dakò sou mete sou pye yon gwo pwogram koperasyon sekiritè ki genyen plizyè aks:

Mete sou pye fòmasyon pou kad militè ayisyen yo sou tè, lanmè ak lè;

Bay asistans teknik ak lojistik pou modènize ak ranfòse kapasite fòs sekirite ayisyen yo;

Ekipman twoup ayisyen yo pou fè fas ak gang, trafik zam ak krim òganize.

Objektif se pou ranfòse souverènte peyi a epi mete klima ki favorab pou retou lapè ak devlopman dirab.

Petro mete aksan tou sou reouvèti ofisyèl anbasad Kolonbi nan Pòtoprens, sa ki montre angajman klè Kolonbi genyen pou l retounen kòm yon patnè serye, fidèl ak frè pèp ayisyen an. Se dezyèm vizit Prezidan Petro ann Ayiti nan mwens pase 6 mwa, sa montre se pa yon vizit senbolik, men yon aksyon diplomatik konkre ki vize bati yon vizyon long tèm sou solidarite ak kòlaborasyon ant Ayiti ak Kolonbi.

Sa montre tout lòt peyi nan rejyon an ke Ayiti pa dwe wè sèlman kòm yon peyi ki bezwen èd, men kòm yon peyi ki ka pote solisyon tou, si li jwenn bon patnè ki vle bati avni sou baz respè ak devlopman komen. Si tout bagay mache jan sa prevwa, patenarya sa kapab tounen yon modèl pou yon nouvo fason pou nou fè diplomasi, mete aksan sou diyite, souveren, ak devlopman pèp yo.

Ayiti gen opòtinite pou l rebati tèt li, men li bezwen alye serye, pa manipilatè. Kolonbi fè premye pa a. Rès la depan de volonte politik ak kapasite Ayiti pou l mete pèp la nan sant desizyon.

Jean Launy AVRIL,Redaktè Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar