Washington, Etazini : Nan yon deklarasyon ki fè anpil bri nan opinyon piblik ameriken an, prezidan Donald Trump admèt li difisil pou ranplase travayè migran yo ki te depòte nan kad politik migrasyon sevè li yo. Deklarasyon sa a, ki fèt pandan yon entèvyou resan, montre kontradiksyon ki genyen ant diskou politik radikal sou imigrasyon ak reyalite ekonomik yo nan peyi Etazini.
Migran yo, yon kolòn vètebral pou agrikilti ak ekonomi ameriken an
Daprè plizyè rapò nan medya ameriken yo, sektè agrikòl la, sitou nan eta tankou Kalifòni, Florid, ak Texas, depann anpil sou travayè migran yo. Plis pase 40% travayè nan jaden ak plantasyon yo pa gen papye. Depòtasyon masiv yo te kite plizyè fèm vid, pandan rekòt yo pèdi sou tè a akoz mank main-d’œuvre.
Trump li menm admèt: Li difisil pou ranplase moun sa yo. Yo abitye ak travay sa a, yo fè l natirèlman. Deklarasyon sa a se yon revèy pou ekonomi ameriken an, ki montre wòl kle travayè migran yo nan chèn alimantè peyi a.
Yon chanjman ton nan politik imigrasyon?
Malgre pozisyon li di li te genyen sou baryè ak depòtasyon, Trump ta konsidere plizyè opsyon pou soulaje kriz sa a:
Re-antre legal pou kèk travayè depòte ki te enpòtan pou agrikilti a.
Pwogram viza H‑2A pou elaji kantite travayè sezonye yo.
Plan “touchback” ki pèmèt travayè yo soti epi retounen legalman sou sipèvizyon gouvènman an.
Ekspè yo avèti otomatikman ranplase yo ak sitwayen ameriken oswa moun k ap touche asistans sosyal pa reyalis. “Se yon travay ki mande fòs fizik, eksperyans ak rezistans, epi anpil Ameriken pa entèrese,” daprè analiz jounal The Guardian.
Yon akò politik ak ekonomik
Sa ki ap pase a montre yon reyalite ki depase slogan politik yo: ekonomi ameriken an depann sou men travay migran yo, pandan menm tan politik nasyonal la kontinye chaje ak diskou anti-imigran.
Deklarasyon Trump lan se yon siy ke menm lidè ki pi radikal yo oblije pran an konsiderasyon enpòtans estratejik migran yo nan devlopman ekonomik peyi a.
Sous: Politico, The Guardian, Reuters
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une