Jodi mèkredi 7 Dawout 2025, Laurent Saint-Cyr, ansyen prezidan Chanm Komès Ayiti (CCIH), enstale ofisyèlman kòm nouvo Kòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Se katriyèm fwa depi kreyasyon KPT a ke fonksyon sa a ap pase soti nan men yon moun pou ale nan men yon lòt, nan yon kad tranzisyon ki toujou make pa enstabilite ak kriz politik.
Saint-Cyr ranplase ekonomis Fritz Alphonse Jean, ki te pran tèt KPT a apre Lesly Voltaire, li menm te ranplase ansyen palmantè Edgar Leblanc. Chak chanjman sa yo fèt sou fond kriz, dezakò oswa pwoblèm fonksyònman grav andedan KPT a, e pèp ayisyen ap kontinye mande ki kote tranzisyon sa a prale, e pou kiyès li ap sèvi.
Ekselans Laurent Saint-Cyr vini nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), jounen jedi 7 dawout 2025 lan. Li ap gen pou l dirije KPT a pou dènye faz tranzisyon an. Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean fè pasasyon pouvwa a nan yon gwo seremoni nan Viladakèy, nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm Gouvènman li an, reprezantan Kou Kasasyon an, manm Kò diplomatik ak Konsilè yo epi reprezantan plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la.
Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Ekselans Laurent Saint-Cyr, ki di se ak anpil imilite ak sans patriyotik li aksepte gwo responsabilite pou li vin kowòdonatè a, lanse yon gwo apèl pou tèt kole ak dyalog ak tout fòs viv nasyon an pou n ka rive mete peyi an sou wout lapè, estabilite, ak devlopman dirab.
Li pwomèt pou l travay pou inite ak koyezyon nan konsèy la pou yo kapab aji ak efikasite epi bay pèp la rezilta lap ret tann nan: sekirite, pase men nan konstitisyon an, relanse ekonomi an epi… Fè Eleksyon.
Fas a ijans moman an, Ekselans Laurent Saint-Cyr rekonèt : « Bagay la mangonmen, se pa moman pou fè bèl diskou ankò, se moman pou poze aksyon. Twòp san koule, twòp tan pèdi, fò n met tèt ansanm pou bay pèp la rezilta li bezwen an ».
Bò kote pa li, Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean raple pasasyon pouvwa a se senbòl altènans politik la. Li te pwofite fè bilan prezidans li an epi mete aksan sou divès reyalizasyon ki pèmèt lespwa kontinye boujonnen nan mitan popilasyon an.
Anpil aktè ap obsève si enstalasyon nouvo kòdonatè a ap siyale vre chanjman, oswa si li pap vin senpleman yon lòt etap nan kontwòl elit yo sou pouvwa a, san okenn repons klè sou dosye ensekirite, grangou, kriz sosyal ak ekonomik kap vale teren.