Pou Ayisyen, 14 dawout se yon dat ki genyen gwo enpòtans istorik, paske li make Seremoni Bwa Kayiman nan ane 1791. 14 dawout tounen yon senbòl rezistans ak fyète pou pèp Ayisyen.

Nan lannwit 14 pou rive 15 dawout 1791, nan zòn Bwa Kayiman nan nò peyi a, esklav ki t ap soufri anba esklavaj rasanble anba direksyon Dutty Boukman ak Cécile Fatiman pou fè yon seremoni vodou. Nan seremoni sa a, yo fè yon sèman pou leve kanpe kont esklavaj, epi sa te tounen kòmansman premye soulèvman jeneral ki pral mennen nan Revolisyon Ayisyèn.

An rezime, 14 dawout 1791, Seremoni Bwa Kayiman, li make pwen depa lit ki pral mennen Ayiti vin premye repiblik nwa endepandan nan mond lan, 1e janvye 1804.

Nou pa ka pale de 14 out ak lit kont esklavaj san nou pa sonje François Makandal

Makandal te viv anvan evènman 14 dawout 1791, men eritaj li te prepare tè a pou revolisyon an. Se te yon esklav ki te sòti nan Lafrik, yo di li te swa Kongo swa nan zòn Gine. Li te yon houngan (prèt vodou) ak yon lidè militè ki te itilize estrateji sekrè pou fè rezistans.

Nan ane 1750 yo, Makandal te dirije yon rezo esklav k ap goumen nan nò koloni Sendomeng. Li te vin tounen yon lejand paske li t ap itilize pwazon pou elimine mèt kolonyal ak bèt yo, ak objektif pou kraze sistèm esklavaj la. Yo te arete l epi egzekite l an 1758, men anvan li mouri, li ta di: << Mwen tounen ankò, nou pral chase yo nan tè sa a. >>

Pou anpil Ayisyen, pawòl sa yo tounen yon pwofesi ki reyalize pandan Revolisyon Ayisyèn te kòmanse nan 1791, espesyalman ak Seremoni Bwa Kayiman.

Nan yon sans, nou ka di: Makandal te limen flanm rezist

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.