Mondyal 2026. Eliminatwa Concacaf. Seleksyon ayisyèn foutbòl la fè yon defèt (0-3) fas ak Ondiras, lendi 13 oktòb 2025 la, nan kad katriyèm jounen dènye faz eliminatwa Koup dimonn yo. Aprè kat (4) jounen, Ayiti genyen 5 pwen, li plase an 3è pozisyon aprè Ondiras ak Kostarika ki yo chak respektivman 1è ak 2è nan klasman nan gwoup C a.

Ayiti rete pou li jwe de (2) match desizif kont Kosta Rika ak Nikaragwa epi fè viktwa pou kontabilize 6 pwen adisyone sou 5 pwen li genyen an k ap ba li 11 pwen, pandan desten l pou li kalifye pa depann de li menm ankò men li depann de Ondiras ak Kostarika, si li vle reve ale nan Koup dimonn 2026 la.

N ap raple, premye nan chak gwoup yo ap kalifye dirèkteman pou Mondyal 2026 la. De (2) meyè dezyèm yo prale nan baraj.

Ayiti nan gwoup C akonpanye Kostarika, Ondiras ak Nikaragwa. Gwoup B : Jamayik, Kiraso, Trinidad & Tobago, Bèmid. Gwoup A : Panama, El Salvador, Gwatemala, Sirinam.

Malgre seleksyonè nasyonal Ayiti a, Sébastien Migné melanje eksperyans ak frechè pou bati yon ekip konpetitif ak detèmine, ou kapab konstate sa pako vrèman mache jan pou li mache a. Jwè ayisyen yo dwe rete konsantre epi kapitalize sou pwen fò yo pandan yo ap korije èrè ak lakin yo pou espere dekwoche yon biyè pou Mondyal 2026 la.

Grenadye yo dwe konnen se dènye liy dwat eliminatwa yo y ap dispite avèk 6 match desizif. Nan faz sa a, chak pwen konte, seleksyon nasyonal la dwe montre anpil volonte pou kapab pi tranchan ofansivman epi mete plis rigè defansivman.

Ayiti angaje l pou dispite faz final eliminatwa Concacaf ki ap mennen nan Koupdimonn 2026 la. Grenadye yo dwe goumen pou fè 6 pwen ki rete yo kont Kosta Rika ak Nikaragwa, pandan l ap priye pou Ondiras ak Kostarika fè fo pa, sa ki ap ba yo chans pou kalifye pou Mondyal 2026 la. De (2) afich ki rete yo kapab bay ton sou anbisyon ayisyen yo nan faz final sa pou reve yon kalifikasyon istorik pou Koupdimonn 2026 la. Ayiti nan batay. Grenadye alaso !

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841