Jean Mary Zidor, yo plis konnen anba non “Louibon”, ki gen 39 lane e papa senk timoun ki se moun nan zòn Mòn Michel asasine 1ye Novanm 2025, zòn nan Joumou, lokalite pelig komin Boukankare. Daprè sa yon pitit vikmim nan rapòte, Zidor ta mouri anba bal ansye DG CNE a Yves GERMAIN zòn “Nan Joumou”, sou wout nasyonal #3, toupre kaptaj dlo Péligre. Prensipal sispèk nan dosye sa a se ansyen Direktè Jeneral Konpayi Nasyonal Ekipman an (CNE), Yves Germain selon kèk temwen.

Yon konfli sou salè a baz trajedi a

Dapre enfòmasyon Centre à la UNE ranmase, zak la te pase sou yon chantye ki pou Yves Germain nan lokalite Péligre, kote Zidor t ap travay depi anviwon senk lane. Samdi 1e novanm, anviwon 11è nan maten, viktim nan ta resevwa yon apèl telefòn nan men sè li pandan li t ap travay sou chantye a. Yon sous fanmi fè konnen se te nan moman sa a yon diskisyon pete ant de mesye yo lè Zidor te mande patwon li pou peye l salè li avan li kite travay la nèt. Yves Germain ta reponn li ap peye l pita, men diskisyon an ta vin pran yon move direksyon.

Temwen yo rakonte ansyen direktè CNE a te eseye frape anplwaye li ak yon blòk, men li pa t rive touche li. Apre sa, li ta rale zam li epi tire de bal sou Zidor. Viktim nan, ki te blese grav, te transpòte prese prese nan lopital Bon Sauveur Cange, kote li ta rann dènye souf li.

Jean Mary Zidor te travay ak Yves Germain depi prèske senk lane. Dapre pwòch li yo, li te yon nonm serye, onèt, e patwon an te gen anpil konfyans nan li. Li t ap jere anpil bagay nan kay ak nan biznis patwon li. “Li te toujou fè tout sa patwon an mande l, yo te gen yon bon relasyon travay depi lontan”, se temwayaj yon manm fanmi an.

Selon yon sous ki pa vle non li site, gen kèk otorite lokal ki ta eseye bloke non viktim nan pou pa parèt piblikman, e limite difizyon enfòmasyon sou zak sa a. Jij de pè Boucan Carré a, Mèt Edmond Charles Prospère, ke Yves Germain #3 ta rele, ta menm resevwa lòd pou l pa pale piblikman sou dosye a.

Yon lòt sous fè konnen gen yon otorite Mibalè la ta voye yon ansyen direktè mache komin nan ansanm ak yon manm gwoup “Back up Feray” al rankontre fanmi Zidor la. Dapre temwayaj yo, yo ta ofri e menm ta bay 250 000 goud ak fanmi an sou yon pwomès de 750 000 ak fanmi an pou peye depans fineray yo. Selon kèk abitan se pa krent fanmi an oblije aksepte lajan sa epi evite rann dosye a piblik.

Selon sa divès abitan Mibalè pataje ak Centre à la UNE, se pa premye fwa Yves Germain ap maltre anplwaye li oubyeb salarye ki gen abitid travay ak li. Menm jan nou mete imaj ilistrasyon an kote Yves Germain t ap pase 250 kout baton ak yon sitwayen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841