Jean-Mary ZIDOR ki genyen ti non Louisbond, mouri samdi 1e novanm 2025 la nan lopital Zanmi Lasante Kanj, aprè li ta fin resevwa yon bal nan men prezime koupab Yves Germain ki akize kòm moun ki touye sitwayen an, daprè deklarasyon yon manm fanmi an nan laprès. Mouvman Sitwayen Angaje yo nan Sant (MOCEC) ak Òganizasyon alye li yo nan yon nòt, madi 4 novanm 2025 la, denonse silans otorite konpetan yo nan Mibalè, depatman Sant ak nan peyi a.

Yvon ZIDOR, 11 lane, yon pitit gason Jean-Mary ki te akonpaye li sou chantye a rakonte kijan li te viv dram nan :

<< [... Mwen toujou ansanm ak papa m chak jou li vin travay. Papa m ta pral resevwa yon apèl de yon sè li, pandan apèl la, Yves Germain te obsève papa m pou li di l ou pa konnen moun pa genyen dwa pou pale sou chantye m nan pandan li nan travay. Papa m reponn li se yon sè m ki rele m, m ap fin pale ak li pou m retounen kontinye travay. Yves Germain pran yon blòk pou li bay papa m kout li epi papa m kouri, se menm kote a li rale zam li, li bay papa m 1 bal ; papa m tonbe atè a, aprè yo mennen papa m lopital Kanj... ] >>.

MOCEC egzije :
1. Ouvèti imedya yon ankèt endepandan sou asasina krapile Jean-Mary ZIDOR ;
2. Mizanmouvman aksyon piblik kont otè prezime a, mesye Yves Germain III ;
3. Pwoteksyon temwen ak fanmi viktim nan ;
4. arestasyon otè a ak tout konplis nan krim odye sa.

Mouvman Sitwayen Angaje yo nan Sant denonse avèk pi gran rigè pasivite koupab otorite polisyè ak jidisyè yo nan jiridiksyon Mibalè ki fèmen je yo, daprè MOCEC, sou tantativ asasina epi lanmò mesye Jean-Mary ZIDOR, samdi 1e novanm 2025 la nan Pelig, yon lokalite ki nan seksyon Dè Bay, nan komin Boukan Kare.

MOCEC pran pozisyon pandan li deplore pwofondeman trajedi sa ki dewoule anba je yonn nan pitit Jean-Mary ZIDOR yo ki genyen 11 lane, epi li kondane avèk fèmte inaksyon ak silans konplis otorite lokal yo fas a monte zak vyolans yo ak enpinite k ap fèt a repetisyon nan depatman Sant lan.

Kite nou raple, Jean-Mary ZIDOR, 39 lane, genyen 5 pitit (3 fi ak 2 gason). Manman viktim nan ki se Yolène JEAN, 62 lane, ap viv nan Mòn Michèl, tandiske papa l ki se moun Viyèt te deja fè vwèl pou peyi san chapo. Jean-Mary t ap travay ak ansyen direktè CNE a, Yves Germain, nan yon chantye ki nan lokalite Pelig, nan komin Boukan Kare, awondisman Mibalè, depatman Sant.

MOCEC ki se yon òganizasyon yo konnen ak rekonèt pou pozisyon li ap pran yo mande pou genyen ankèt serye ak endepandan ki mennen sou vyolasyon dwa moun ak sitou egzekisyon somè k ap fèt sou moun yo akize tout sòt akizasyon. Pi lwen, Mouvman Sitwayen Angaje yo nan Sant egzije tou pou enpinite a fini k ap minen konfyans pèp la anvè enstitisyon etatik yo nan peyi a pami yo enstitisyon jidisyè ak egzekitif.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841