Nan sware vanfredi 2 pou louvri 3 janvye 2026 la,Etazini reyisi bonbade Karakas ki se kapital peyi Venezyela epi anonse yo kaptire prezidan Nicolas Maduro.
Nan yon konferans pou laprès prezidan Etazini an ki te vin konfime nouvèl la deklare:
🔻 Tout kapasite militè Venezyela yo te netralize pandan operasyon pou arete Maduro a ;
🔻 Venezyela t ap akeyi de pli zan pli advèsè etranje nan rejyon an epi li t ap achte zam ki te kapab menase enterè ak lavi Ameriken yo. Yo te sèvi ak zam sa yo yè swa a ;
🔻 Venezyela vin tounen yon peyi ki pi an sekirite ;
🔻 Etazini pare pou lanse yon dezyèm vag atak sou Venezyela, men yo estime sa pap nesesè pwobableman ;
🔻 Etazini pral dirije Venezyela “jiskaske yon tranzisyon pouvwa ki an sekirite, òdone epi rasyonèl kapab reyalize” ;
🔻 Nan kad nouvo estrateji sekirite nasyonal Etazini an, dominasyon ameriken nan emisfè oksidantal la pap janm mete an kestyon ankò ;
🔻 Pati ameriken an gen anpil prèv sou krim Maduro te komèt; yo pral prezante yo devan tribinal la, ki pral deside sou sò lidè venezyelyen an ak madanm li.
*Plizyè peyi ak òganizasyon nan mond lan reyaji aprè anlèvman prezidan Maduro ak madanm li*
Larisi prensipal alye Venezyela kondane frap Etazini yo kòm yon aksyon agresyon ame, rejte pretèks yo epi regrèt ke ideyoloji genyen sou pragmatism.
Lachin di li trè choke apre frap ameriken yo ak kaptire Prezidan Nicolás Maduro. Ministè Afè Etranjè chinwa a denonse sa kòm yon konpòtman ejemonik Etazini ki vyole gravman Dwa Entènasyonal, atake souverènte Venezyela, epi menase lapè ak sekirite nan Amerik Latin ak Karayib la. Lachin di li opoze sa fèmman.
Brezil kondane operasyon Etazini yo, Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva deklare ke frap sou Venezyela ak kaptire Prezidan Maduro se yon vyolasyon grav souverènte, depase limit akseptab, epi menase rejyon an kòm zòn lapè. Li mande kominote entènasyonal la reaji fò.
Prezidan Kolonbi a, Gustavo Petro, anonse samdi 3 janvye 2026 li bay lòd pou deplwaye militè sou fwontyè Venezyela, apre atak Etazini mennen kont peyi vwazen an.
Meksik kondane frap Etazini yo: Gouvènman Meksik kondane ak pi gwo fèmte bonbadman ki fèt nan Karakas, epi avèti ke nenpòt aksyon militè ka menase gravman estabilite rejyonal la.
Sekretè Jeneral ONU a, Antonio Guterres, eksprime enkyetid li pou Dwa Entènasyonal pa respekte. Li dekri operasyon ameriken an kòm yon presedan danjere, epi li rele tout aktè nan Venezyela pou angaje nan yon dyalòg enklizif, respekte dwa moun ak lalwa.
Premye minis Itali, Giorgia Meloni, konsidere operasyon ameriken an lejitim. Li di: pandan Itali toujou kwè yon aksyon militè ekstèn pa fason pou fini ak rejim totalitè, li rekonèt yon entèvansyon defansif kont atak ibrid oswa antite ki alimante ak ankouraje trafik dwòg.
Izrayèl salye operasyon Etazini kont Venezyela deside pa Donald Trump, ke li wè kòm aksyon yon lidè nan mond lib la. Minis Afè Etranjè Gideon Saar ekri sou X ke li felisite destitisyon diktatè Nicolás Maduro, ki te dirije yon rezo teworis ak dwòg.
Iran pale de vyolasyon flagrant souverènte ak entegrite teritoryal Venezyela, kondane agresyon ilegal Etazini, lènmi Repiblik Islami a.
Javier Milei pran pozisyon
Prezidan Ajantin lan, Javier Milei, deklare sou Venezyela : « Mwen dakò pou Etazini avanse, epi si yo bezwen sipò mwen, y’ap jwenn li.
Gouvènman Espay la deklare li ap suiv sitiyasyon Venezyela a ak anpil atansyon. Anbasad ak konsila yo rete operasyonèl. Pedro Sánchez lanse yon apèl pou deseskalad ak responsabilite, pandan li raple nesesite pou respè Dwa Entènasyonal ak Chat Nasyonzini.
Internationale Socialiste lan pran pozisyon
Òganizasyon an lanse yon apèl ijans pou deseskalad, respè dwa entènasyonal ak Charta Nasyonzini. Li mande yon solisyon demokratik, negosye ak pasifik pou kriz Venezyelyèn nan, epi avèti sou danje pou sekirite mondyal si lwa entènasyonal pa respekte.