Nan dinamik refleksyon sou avni Ayiti, gen moman ki depase senp kad seremoni pou antre dirèkteman nan listwa kòm siy premonitwa yon chanjman ki ap pran nesans. Se nan kategori evènman sa yo nou dwe klase inogirasyon ofisyèl Fondasyon Zanmi Ayiti.E.S, ki te dewoule jedi 26 mas 2026 a 19è, nan prestijye espas Ateneo de Madrid. Nan yon kontèks kote kestyon edikasyon an ap sibi gwo presyon ak destabilizasyon, lansman sa a vini kòm yon zak entelektyèl, sosyal ak politik ki pote yon vizyon klè: rekonekte dyaspora a ak misyon istorik li nan konstriksyon Ayiti demen. Evènman an te louvri sou yon ton ki te melanje emosyon, refleksyon ak angajman.
Fondatè fondasyon an, Dr. Wooby Oreste Jacques Oris, pran la pawòl pou trase liy direktè pwojè a, pandan li te mete aksan sou eksperyans pèsonèl li ki kouvri plis pase twa deseni ap viv nan peyi Lespay. Diskou li pa t senpleman yon prezantasyon; li te yon temwayaj vivan sou reyalite dyaspora a, sou difikilte entegrasyon, men tou sou nesesite ijan pou òganize jèn ayisyen k ap evolye aletranje yo. Li esplike klèman ke inisyativ sa a pa sòti nan yon volonte okazyonèl, men nan yon refleksyon pwofon sou feblès estriktirèl ki anpeche anpil etidyan reyisi oswa jwenn bon oryantasyon. Nan lojik sa a, li pozisyone Zanmi Ayiti.E.S kòm yon repons konkrè, ki vize bati yon rezo solidarite, pataj konesans ak opòtinite pou yon jenerasyon ki gen anpil potansyèl men ki souvan izole.

Foto: Dr.Wooby Oreste Jacques Oris
Prezans marenn fondasyon an, Hélène Holmer de Lantero, te bay evènman an yon dimansyon patikilyèman enpòtan. Nan entèvansyon li, li te mete aksan sou enpòtans estratejik inisyativ sa a, pandan li te eksprime atachman li pou Ayiti ak konviksyon li ke vrè chanjman an pa ka fèt san yon revolisyon nan domèn edikasyon. Diskou li te pote yon vizyon ki depase asistans ponctuelle pou antre nan yon lojik transfòmasyon dirab, kote edikasyon vin zouti prensipal pou rebati sosyete a. Pou li, sipòte yon pwojè tankou Zanmi Ayiti.E.S, se patisipe dirèkteman nan konstriksyon yon avni ki pi estab, pi jis ak plis ouvè pou jenerasyon kap vini yo.

Foto: Marenn Hélène Holmer de Lantero
Nan menm liy refleksyon an, prezans Minis sòtan Edikasyon Nasyonal Ayiti a, Mesye Antoine Augustin, te pote yon gravite ak yon lekti enstitisyonèl sou sitiyasyon peyi a. Nan entèvansyon li, li pa t eseye minimize kriz la, okontrè, li trase yon tablo klè sou nati estriktirèl difikilte yo, ki makonnen ak move pratik ak dezòd sekirite. Li fè konnen kijan sistèm edikatif la ap soufri anba menas gang yo, ki rive pran lekòl yo an otaj, mete anpil etablisman nan enkapasite pou fonksyone. Konsekans lan grav: paran pa ka voye pitit yo lekòl, pandan timoun ki gen 12, 13 oswa 14 lane ap tonbe nan rezo gang. Fas ak reyalite sa a, li ensiste sou nesesite pou repanse edikasyon an kòm yon zouti transfòmasyon pwofon, ki pa sèlman fòme lespri, men ki touche mantalite, kè ak aksyon moun yo. Se nan sans sa a li eksprime volonte li pou kolabore ak pwojè Zanmi Ayiti.E.S, paske, daprè li, se sèlman yon edikasyon transfòmatris ki kapab sove peyi a.

Foto: Antoine AUGUSTIN
Entèvansyon Anbasadè Ayiti bò kote Wayòm Espay la, Woody Edson Louidor, menm si li te fèt a distans, te pote yon dimansyon akademik ak pèsonèl ki te manyen asistans lan. Atravè eksperyans li kòm etidyan entènasyonal, soti nan lisans li nan Meksik, metriz li nan Kolonbi, rive nan doktora li an Almay, li mete an limyè reyalite pafwa difisil etidyan ayisyen yo ap fè fas aletranje. Li raple ke etidye andeyò peyi a pa yon chimen fasil, men yon batay ki mande adaptasyon, rezistans ak sipò. Se poutèt sa li wè nan Zanmi Ayiti.E.S yon inisyativ ki rive dirèkteman nan kè pwoblèm nan, paske li pote valè amitye, solidarite, pataj ak sipò akademik. Pou li, anbasad la pa ka rete endiferan devan yon pwojè konsa, e li afime angajman li pou akonpaye li.

Foto via zoom: Anbasadè Dr.Woody Edson Louidor
Anplis entèvansyon sa yo, inogirasyon an te rasanble plizyè otorite ak notab nan peyi Lespay, ki te vin temwaye sipò yo ak enterè yo pou yon inisyativ ki chita sou koperasyon entènasyonal ak devlopman imen. Prezans sa yo pa sèlman bay evènman an kredibilite, men yo montre tou ke kestyon edikasyon ayisyèn nan depase fwontyè nasyonal pou antre nan yon lojik patenarya mondyal.
Sou plan òganizasyonèl, evènman an te make pa yon kowòdinasyon ki te fè prèv pwofesyonalis. Moderatris la, Margarita Zamora Garcia, te dirije seremoni an ak presizyon ak élégans, pandan ekip lojistik la ki gen ladan Vladimir Pita e Violeta, ansanm ak kontribisyon enpòtan Sanon Lyo te asire bon dewoulman chak etap. Li enpòtan tou pou soulve prezans ak sipò Jean Launy Avril, ki te fè deplasman depi Lafrans pou patisipe nan moman sa a ki gen gwo valè senbolik.

Foto: Margarita Zamora Garcia –Moderatris
Pou fini, inogirasyon Fondasyon Zanmi Ayiti.E.S pa t sèlman yon evènman lansman, li te yon deklarasyon entansyon. Yon deklarasyon ki di klèman ke, malgre kriz yo, malgre feblès yo, gen yon jenerasyon ki pare pou òganize tèt li, reflechi ansanm epi aji pou chanje trajèktwa peyi a. Se nan kalite inisyativ sa yo nou dwe chèche siy espwa yo, pa kòm ilizyon, men kòm pwen depa pou yon refondasyon ki pran rasin nan konesans, solidarite ak angajman kolektif.
