Pandan yon vizit ofisyèl li ap fè Ozetazini, Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, eksprime gwo rezèv li sou bidjè 250 milyon dola ameriken Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) a prezante pou òganizasyon pwochen eleksyon yo.
Nan yon entèvyou li bay radyo Magik 9 mèkredi 22 avril 2026 la, chèf gouvènman an fè konnen montan sa a twò elve e li pa koresponn ak reyalite difisil popilasyon ayisyèn nan ap viv kounye a. Li menm rive kalifye pwopozisyon an kòm yon depans “ki pa reflechi”, pandan anpil fanmi ap soufri anba kriz ekonomik ak ensekirite.
Premye Minis la deklare li pa dispoze valide yon bidjè konsa san plis refleksyon ak ajisteman. Pou li menm, leta dwe itilize resous li yo avèk plis responsablite, sitou nan moman peyi a ap travèse yon sitiyasyon sosyal ak ekonomik ki trè konplike.
Konsènan akizasyon ki ta vle fè kwè gouvènman an ap chèche bloke eleksyon yo pou pwolonje manda li, Alix Didier Fils-Aimé rejte tout sa yo nèt. Li ensiste sou lefèt ke pa gen okenn konfli ant Primati a ak CEP a, epi li raple òganizasyon eleksyon sou tout teritwa nasyonal la rete youn nan twa gwo priyorite administrasyon li an.
Dosye finansman eleksyon yo kontinye ap alimante deba nan opinyon piblik la, pandan anpil sitwayen ap tann yon kalandriye klè ak mezi konkrè pou pèmèt peyi a retounen sou chimen demokratik la.