Anglade Ricardo, Oberde Joseph, Dejean Nexbertso ak Muscardin Serge Édouard se non kat polisye ki te plase an izolman ki jwenn pwovizwaman liberasyon yo, madi 28 avril 2026 la, aprè odisyon yo pa Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (IGPNH).
PNH te arete polisye yo 14 avril 2026 aprè mete yo an izolman nan kad yon ankèt ki pòte sou yon refi koube anba yon lòd siperyè. Kat ajan yo rete anba mezi konsèvatwa, konfòmeman ak règleman entèn polis Ayiti a, daprè yon sous polisyè ki konfime liberasyon kat ajan yo.
N ap raple, arestasyon ajan yo te vini de jou aprè yon entèvansyon polisyè ki lye ak yon alèt kidnapin te siyale nan zòn Tijo.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE